Mwen te resevwa èd pou mwen lwe nan men Depatman Lojman ak Devlopman Iben (Housing and Urban Development, HUD) epi yo te deplase mwen akòz Siklòn Ida. Èske mwen kalifye pou èd katastwòf FEMA a?

FEMA pa kapab bay menm èd yon lòt ajans Leta deja bay. Men, si yo te oblije ou kite kay HUB t ap sibvansyone, akoz dega katastwòf ofisyèl la, ou kapab vin elijib pou jwenn èd nan FEMA. Sa vle di fanmi ki oblije kite kay yo oswa lokatè ki:

  • T ap viv nan yon kay HUB sibvansyone
  • T ap viv nan yon apatman ki jwenn èd lwaye nan sibvansyon HUB
  • T ap viv nan yon kay prive gras a sibvansyon Seksyon 8 Chwa ebèjman yon otorite ebèjman

Dènye Mizajou