Èske LER menm jan ak Èd pou Abri Tanporè?
Non LER se ranbousman pou depans lojman ki soti nan pòch ou (lojman ak taks) avantaj asirans pa kouvri tankou depans siplemantè chak jou oswa pèt itilizasyon. Yo pa bay otèl la oswa sivivan yo èd dirèkteman men yo ranbouse sivivan an apre yo bay resi ki montre depans ki soti nan pòch li lè li te fèt
TSA pèmèt sivivan ki kalifye yo rete tanporèman nan otèl oswa motèl patisipan yo lè lòt opsyon lojman yo pa disponib apre yon katastwòf prezidan an te deklare. Aplikan ki kalifye pou TSA yo pa resevwa depans ebèjman yo. FEMA peye sejou a dirèkteman bay founisè lojman patisipan an.
Yo deziyen 25 pawas Louisiana pou jwenn èd FEMA pou Siklòn Ida: Ascension, Assumption, East Baton Rouge, East Feliciana, Iberia, Iberville, Jefferson, Lafourche, Livingston, Orleans, Plaquemines, Pointe Coupee, St. Bernard, St. Charles, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, St. Martin, St. Mary, St. Tammany, Tangipahoa, Terrebonne, Washington, West Baton Rouge ak West Feliciana. Aplike sou entènèt DisasterAssistance.gov oswa rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585) 24 sou 24, 7 jou sou 7. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.
Aplike sou entènèt DisasterAssistance.gov oswa rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585) 24 sou 24, 7 jou sou 7. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.