Èske FEMA ap peye lwaye ak sèvis piblik mwen yo?
Montan lajan yo bay pou asistans lwaye tanporè a sifi pou peye lwaye chak mwa, ak tout bòdwo nesesè yo. Sa pa gen ladan l kòb pou sèvis telefòn, kab televizyon, televizyon ni entènèt. Yo pa bay lajan apa pou peye bòdwo epi apa pou peye lwaye men yo mete tout kob sa yo ansanm.