FEMA Ankouraje Adolesan Lwizyàn yo pou Aplike nan Konsèy Preparasyon Jenès la

Release Date Release Number
DR-4559-4570-4577-LA NR 005
Release Date:
February 13, 2021

BATON ROUGE, La. – Èske w konnen, oswa èske w se yon jèn moun ki genyen pasyon pou preparasyon? Divizyon Endividyèl ak Preparasyon FEMA a ap aksepte aplikasyon yo kounye a nan Konsèy Preparasyon Jenès  (Youth Preparedness Council (YPC)). Depi lane 2012, FEMA ap reyini ansanm jèn atravè tout nasyon an. YPC a bay yon opòtinite pou rantre nan FEMA nan misyon esansyèl li pou preparasyon pou ijans.

Kòm yon pati nan YPC a, manm yo kapab devlope ladrès pou lidèchip epi reprezante lekòl yo ak kominote yo. YPC a bay jèn moun yo chans pou rankontre kamarad yo ki soti toupatou nan peyi a epi travay sou pwojè tankou ekspozisyon sou preparasyon pou kominote yo. Yon somè vityèl nan mwa jiyè ap bay manm yo yon chans pou rankontre lòt yo epi tande espè FEMA yo.  

Jèn yo ap sèvi nan YPC a pandan de (2) ane.

Peryòd aplikasyon an kòmanse nan dat 18 janvye epi fini 7 mas. W ap jwenn enstriksyon sou aplikasyon yo sou sitwèb Konsèy Preparasyon Jenès la | Ready.gov la. Moun k ap aplike yo ta dwe eksprime kisa preparasyon vle di pou yo epi nan kijan konpetans ak eksperyans yo kapab ranfòse travay FEMA a. Aplikan yo kapab chwazi pou aplike swa atravè repons alekri oswa videyo. 

Jèn yo ki nan klas 8yèm jiska 11yèm ane ki enterese pou aplike kapab aprann plis sou pwosesis la epi jwen repons ak kesyon yo nan yon seminè sou entènèt k ap fèt a 8 p.m. nan dat 8 fevriye. Seminè sou entènèt la ap akonpaye elèv yo pandan pwosesis aplikasyon an epi ap bay aplikan yo yon apèsi sou kijan sa ye lè ou patisipe nan konsèy la. Pou patisipe, ou dwe enskri nan seminè sou entènèt sa a davans. 

Pou aprann plis sou YPC avèk manm aktyèl li yo, vizite sitwèb https://www.ready.gov/kids/youth-preparedness-council.

Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA a sou twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou