W ap chèche travay? FEMA ap anboche!

Release Date Release Number
148
Release Date:
October 25, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj yo – Apre dega siklòn Irma ak Maria, FEMA ap anboche anplwaye lokal pou ede ak efò kontinyèl k ap fèt pou retablisman teritwa a apre dezas la. Se pratik FEMA pou anboche kèk nan mendèv li nan kominote lokal la; moun yo anboche nan nivo lokal yo pote konesans kiltirèl ak jeyografik rejyon an epi souvan gen yon sans misyon pandan y ap travay ak ajans la.

“Bati yon mendèv solid se kle pou atenn ak siksè objektif nou pou retabli de tanpèt sa yo e rebati,” Kowòdonatè Federal FEMA a, Michael Byrne te di. “Zile Vyèj yo gen bèl lide ki san parèy; lè yo asosye ak mendèv aktyèl nou an, sa elaji pòte nou pou sèvi bezwen sivivan yo nan plizyè kominote.”

Aplike kounya

Gen aktyèlman plizyè pòs ki disponib, e gen anpil moun yo anboche lokalman ki gen karyè ki reyisi nan jesyon dijans. FEMA anboche moun sou baz eksperyans ak kalifikasyon; sa yo anboche yo travay nan plizyè pwogram ak pozisyon. Pòs annapre yo anonse konsa:

  • Prezèvasyon Istorik Anviwònmantal (EHP)
  • Finans
  • Kontwòl Danje (HM)
  • Resous pou Moun (HR)
  • Èd Piblik (PA)

Pou jwenn plis enfòmasyon sou jan pou aplike pou yon pòs tanporè, ale nan Sistèm Mendèv Elektwonik Zile Vyèj yo (Virgin Islands Electronic Workforce System, VIEWS) https://www.vidolviews.org/vosnet/Default.aspx. Klike sou Travay pou Retablisman apre Siklòn nan pati anlè paj la. Sa yo anboche yo pral antre nan ekip retablisman ki deja anplas la, ki gen travayè lokal ak federal, ajans volontè ak òganizasyon kominotè yo.

 

Tout kandida yo dwe se sitwayen Ameriken ki gen 18 lane oswa pi plis, ki gradye nan lekòl segondè oswa ki gen yon Diplòm Edikasyon Jeneral (GED). Sepandan, gen kèk pòs ki pral mande pou gen yon diplòm inivèsitè oswa yon sètifika espesyalize. Yo dwe gen de (2) fòm idantifikasyon akseptab; yon kat idantifikasyon gouvènman an ki valab tankou lisans chofè oswa sètifika militè. Anvan anbòchman an, kandida yo chwazi yo pral pase yon envestigasyon konplè sou vi pase yo.

Se règleman FEMA pou bay opòtinite egal pou tout anplwaye ak aplikan yo nan chak aspè travay yo ak kondisyon travay yo. FEMA sipòte konsèp travay favorab (affirmative employment) la pou asire règleman pèsonèl yo ak pratik yo bay opòtinite travay egal kèlkeswa ras, koulè, relijyon, kote ou soti, sèks, laj, andikap, enfòmasyon jenetik oswa revanj/reprezay.

 

###

 

Misyon FEMA se ede moun yo anvan, pandan ak apre yon dezas.

Pou enfòmasyon ofisyèl sou efò pou retablisman apre siklòn yo, tanpri ale sou www.informusvi.com oswa www.usviupdate.com. Swiv nou sou rezo sosyal yo sou twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands. Pou enskri pou ijans, bagay ki lye ak meteyo, sekirite piblik ak alèt sou sispansyon sèvis nan Zile Vyèj yo, enskri pou Alèt VI oswa kopye https://member.everbridge.net/index/892807736729008#/login nan navigatè ou a.

Pou fè don oswa benevola, kontakte òganizasyon benevòl oswa byenfezans ou vle a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif nan ka Dezas yo (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) sou www.nvoad.org.  Pou sa yo ki swete bay èd, lajan kach don bay ajans volontè yo plis fleksibilite nan jwenn resous ki pi nesesè yo epi ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo retabli. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj yo genyen tou “Finansman pou Zile Vyèj yo” sou www.USVIrecovery.org.

 

Tags:
Dènye mizajou