Fèy EnfòmasyonSenk Rezon FEMA Kapab Di Ou pa Kalifye fou Asistans pou Lojman Epi Senk Fason Ou Kapab Rive Chanje Desizyon Sa a

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 007
Release Date:
November 6, 2018

Rezidan Florida ki afekte akòz Siklòn Michael ka te resevwa yon lèt FEMA ki di yo pa kalifye pou Asistans pou Lojman. Genyen senk rezon prensipal kifè ou ka resevwa detèmimasyon sa a. Nan chak ka sila yo ou kapab ale annapèl poutèt premye desizyon sa a epi gen posiblite ou ka vin kalifye pou asistans pou lojman.

 

Sonje:

  • FEMA pa kapab peye pou domaj ke yon lòt asirans kouvri ni li paka double avantaj yon lòt sous ta bay.
  • Sibvansyon FEMA yo la pou kouvri depans pou remete kay ou nan yon eta vivab ki san danje epi ki sanitè oubyen nan kondisyon fonksyonèl. Domaj nan espas oubyen pwopriyete ki pa esansyèl pa kalifye nan pwogram FEMA yo. Si ou genyen kesyon sou kalite domaj ki kalifye nan pwogram FEMA yo, ou kapab rele liy telefonik pou asistans apre katastwòf la nan 800-621-3362 oubyen 800-462-7585 (TTY).
  • Se pou domaj ki fèt akoz katastwòf la rive nan kay rezidans prensipal ou.
  • Pwopriyete w la ki andomaje akoz katastwòf la dwe sitiye nan yon konte ki deziyen pou asistans federal endividyèl pou (NON KATASTWÒF LA, PANDAN PERYÒD DAT ENSIDAN AN)

 

Nimewo 1: Pa genyen ase domaj nan kay kote w abite a dapre sa yon enspektè ki gen kontra ak FEMA detèmine. Ki vle di, kay ou toujou san danje, li sanitè epi li fonksyonèl.

  • Domaj ki rive akoz katastwòf aktyèl la pa fè kay ou inabitab. Kay ou san danje toujou e li sanitè oubyen li fonksyonèl toujou. Si ou pa dakò avèk desizyon FEMA a, ou kapab fè demann pou apèl alekri. Al chèche dokimantasyon nan men yon tyès pati pou sipòte apèl ou a (tankou yon devi pou reparasyon oubyen estimasyon nan men kontraktè) ki deklare kay ou pa abitab akoz katastwòf la.
  • Si ou abite nan yon bilding apatman epi pwopriyetè a mande pou w deplase pou yo ka fè reparasyon nan bilding lan ou dwe anrejistre oubyen aktyalize estati w la avèk FEMA. Ou kapab kalifye pou asistans.
  • Voye yon lèt Apèl bay FEMA pou mande yo rekonsidere. Sa dwe fèt sou 60 jou apati dat ki sou lèt ki di ou pa kalifye a.

 

  • Voye lèt la ak dokiman yo pa lapòs nan: FEMA’s Individuals and Households Program, National Processing Service Center, P.O. Box 10055, Hyattsville MD 20782-7055. Oubyen voye yo pa faks nan: 800-827-8112.
     
    Nimewo 2: Ou genyen yon polis asirans ki te kouvri domaj ki rive nan kay ou.
     
  • Si antant avèk asirans ou a genyen yon reta ki depase 30 jou, rantre an kontak ak FEMA. Ou kapab kalifye pou yon avans (men ou dwe ranbouse l).
     
  • Epi, rantre an kontak ak FEMA si antant ak asirans ou a pa ase pou l kouvri bezwen ou genyen akoz Michael oubyen si ou fin depanse Depans Adisyonèl pou Lavi Kouran konpayi asirans lan te bay la.
     
    Nimewo 3: Ou te endike sou aplikasyon w lan ke ou pa t vle demenaje pandan yo ta p fè reparasyon nan kay andomaje w la. Sa vin fè w pa kalifye pou asistans tanporè FEMA bay pou lwaye. Sepandan, depi lè sa a ou vin jwenn plis domaj nan kay ou, ki ka oblije w demenaje.
  • Kòm bezwen lojman w yo vin chanje, rantre an kontak avèk FEMA pou w aktyalize kondisyon lojman ou epi pou w eksplike poukisa ou te dwe (oubyen ou pral gen pou w) demenaje.
  • Ou kapab kalifye tou pou sibvansyon pou reparasyon oswa ranplasman pou kay oubyen pou pwopriyete pèsonèl ou.

 

Nimewo 4: Yo pa t kapab jwenn ou pou yo fè yon enspeksyon kay la. Enspektè ki gen kontra avèk FEMA a ka te eseye kontakte w plizyè fwa e li pa t rive pwograme yon randevou.

  • Si ou rate yon randevou pou enspeksyon, kontakte FEMA epi repwograme l.
  • Kenbe enfòmasyon nan aplikasyon w lan ajou.
     
    Nimewo 5: FEMA pa t kapab verifye idantite w. Ajans lan pa kapab matche non ou avèk nimewo Sekirite Sosyal ou.
  • FEMA oblije verifye idantite yon aplikan avèk yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ki valab. Lè li verifye idantite, FEMA anpeche fwòd epi li asire aplikan yo resevwa asistans apre katastwòf ki te pou yo a. Dokiman ki akseptab yo se: 
    •  Kat Sekirite Sosyal (si li akonpaye ak yon kat idantifikasyon federal oubyen leta) 
    •  Dokiman pewòl patwon ou ki genyen tout oubyen kat dènye chif SSN la
    •  Idantifikasyon militè 
    •  Ak maryaj pou pwouve non jèn fi w 
    •  Dokiman Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA) oubyen lòt antite federal ki genyen tout oubyen kat dènye chif SSN la
       
  • Piga voye dokiman orijinal bay FEMA nan lapòs. 
     
     
    ###
     
    Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.
     
    Pou yon lis lokal kote sivivan yo kapab jwenn pwodui debaz (dlo, manje, elatriye), al gade nan www.floridadisaster.org/info.
     
    Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, ale sou sitwèb www.fema.gov/disaster/4399.
     
    Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan   @ FEMARegion4   ak   @FLSERT.   Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan   Facebook.com/FEMA akFacebook.com/FloridaSERT.
     
     
     

 

 

Tags:
Dènye mizajou