Ekip Mitigasyon FEMA Ap Evalye Efè Siklòn Michael Genyen sou Imèb yo

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 083
Release Date:
January 25, 2019

TALLAHASSEE, Fla. – Yon ekip ekspè nan imèb ak dirabilite imèb yo òganize yon evalyasyon 350 estrikti ki te afekte akoz Siklòn Michael nan zòn Bann Kotyè Florida a.

 

Gras ak evalyasyon sa yo, Ekip Mitigasyon FEMA a  (MAT) pral tire konklizyon epi fè rekòmandasyon pou amelyore rezilyans bilding yo ak sistèm enstalasyon pou sèvis piblik yo isit nan Florida. Ekip la pral devlope tou avètisman sou rekiperasyon apre siklòn pou ede avèk rekonstriksyon nan kominote ak lòt kote ki domaje nan eta a nan ka tanpèt.

 

Ekip evalyasyon sa a akse sou dirabilite imèb ki afekte akoz mare Siklòn Michael la yo ak efè inondasyon an tankou debri ki ap flote nan dlo a, ewozyon ak gwo van nan konte Bay, Calhoun, Franklin, Gulf, Jackson ak Wakulla yo.

 

Ekip la te vizite anplasman tankou lekòl, etablisman esansyèl tankou lopital, komisarya ak estasyon ponpye yo, sant operasyon annijans ak abri yo), tankou tou lòt imèb gouvènman yo, batiman rezidansyèl ak sa ki pa rezidansyèl.

 

MAT la te konpoze ak ekspè nan sektè prive a epi nan ajans federal ak ajans leta yo ki gen espesyalizasyon nan: jeni estriktirèl, kotyè ak sivil; achitekti; konstriksyon imèb; devlopman ak ranfòsman kòd jesyon pou plèn inondasyon epi pou ijans.

 

Apre katastwòf yo, pwogram MAT FEMA a responsab pou obsève dirabiltie imèb yo pandan evènman danjere ki grav yo, detèmine sak fè imèb yo domaje, evalye pèfòmans pwojè mitigasyon yo epi fèi rekòmandasyon sou konsepsyon ak konstriksyon pou ede diminye domaj yo epi pwoteje lavi moun.

 

Ekip la pral analize pèfòmans sèten twati, mi, anpilman, dig, sofit, kloti premye etaj yo ak lòt pati imèb la pou verifye tandans yo.  Pami faktè yo konsidere yo genyen ladan yo elevasyon, lokalizasyon, renovasyon, ansyen konpare ak nouvo konstriksyon, kòd konstriksyon yo ak ranfòsman yo epi lòt faktè ki ka afekte dirabilite pandan yon tanpèt.

 

Ansyen rapò MAT yo, avètisman sou rekiperasyon ak fich enfòmasyon yo disponib pou telechaje nan www.fema.gov/fema-mitigation-assessment-team-mat-reports. Resous siplemantè sou Syans Konstriksyon FEMA yo disponib nan www.fema.gov/building-science/.

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akoz Siklòn Michael yo, vizite www.floridadisaster.org/info.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/ht/disaster/4399.

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan   @ FEMARegion4   ak   @FLSERT.   Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan   Facebook.com/FEMA ak  Facebook.com/FloridaSERT.

 

Tags:
Dènye mizajou