Asistans pou Lwaye pou Sivivan Siklòn Michael yo

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 080
Release Date:
January 22, 2019

TALLAHASSEE, Fla. – Sivivan Siklòn Michael ki te resevwa asistans tanporè pou lwaye nan FEMA epi ki toujou bezwen asistans yo dwe konplete epi soumèt fòmilè deklarasyon pou kontinye resevwa asistans pou lwaye an. Sivivan an ta dwe déjà resevwa fòmilè FEMA voye a sou 15 jou apre yo te apwouve sibvansyon asistans pou lwaye a.

Sivivan an dwe retounen fòmilè li ranpli a ansanm avèk dokimantasyon sipò yo ki montre prèv ke li fin itilize premye lajan pou asistans pou lwaye a. Prev la ka gen ladan ni :

  • Resi pou peman lwaye yo
  • Depo garanti a
  • Bòdwo sèvis piblik yo (si yo pa tou enkli nan lwaye a)
  • Deklarasyon pwopriyetè a ekri

Aplikasyon yo dwe gen ladan yo tou prèv revni anvan epi apre katastwòf la. Prèv la ka gen ladan ni :

  • Souch chèk (ki dwe gen dat pa pi bonè ke twa mwa anvan peryòd ensidan an)
  • Fòmilè W-2, oubyen enpo sou revni pou ane fiskal ki pi resan an
  • Dokimantasyon yo resevwa asistans nan men gouvènman an (tankou Sekirite Sosyal)
  • Dokimantasyon pou chomaj (Unemployment)
  • Dokimantasyon kòm travayè endepandan

Aplikasyon yo dwe gen ladan yo depans anvan katastwòf la yo ak depans apre katastwòf yo. Sa yo ka gen ladan yo:

  • Bilan ipotèk, deklarasyon enpo lokatè, asirans kay, bòdwo sèvis piblik
  • Kontra lwaye, resi peman lwaye yo, bòdwo sèvis piblik (si yo pa tou enkli nan lwaye a), ak asirans pou lokatè
  • Kontra lwaye aktyèl la (ki gen siyati aplikan ak pwopriyetè a)
  • Resi peman lwaye yo

Sonje siyen aplikasyon an epi retounen li bay FEMA nan youn nan fason sila yo:

  • Voye fòmilè ou ranpli a nan : FEMA, P.O. Box 10055, Hyattsville MD 20782-8055;
  • Voye li pa faks nan 800-827-8112; oubyen
  • Telechaje li sou kont Sant Asistans pou Katastwòf FEMA a ki disponib sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.  Oubyen klike sou Verifye Kondisyon (Check Status) pou w konekte oubyen kreye yon kont.
     

Si ou pa t resevwa fòmilè a, ou te pèdi li oubyen si ou genyen kesyon, kontakte Liy Asistans Telefonik FEMA a nan 800-621-3362 TTY 800-462-7585, oubyen vizite yon sant rekiperasyon apre katastwòf. Pou w jwenn sant ki pi pre w la itilize :  fema.gov/DRCLocator

 

Sivivan siklòn yo ka resevwa jiska 18 mwa konsekitif asistans pou lwaye, anplis depo
garanti a, ki ap pèmèt yo gen ase tan pou yo jwenn lojman pèmanan.

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

 

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akòz Siklòn Michael, vizite www.floridadisaster.org/info.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/disaster/4399.

 

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan   @ FEMARegion4   ak   @FLSERT.   Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan   Facebook.com/FEMA    ak  Facebook.com/FloridaSERT  .

 

Tags:
Dènye mizajou