Sant Sekou FEMA /Leta pou Katastwòf Louvri nan Konte PALM Beach pou Sivivan Florida yo

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 015
Release Date:
September 19, 2017

TALLAHASSEE, Fla. – Yon Sant Sekou pou Katastwòf(DRC) pral louvri mèkredi 20 septanm nan Konte Palm Beach County pou ede sivivan siklòn yo nan Florida.  DRC pral louvri ant 9 a.m. ak 6 p.m. depi lendi jiska dimanch jouk lè gen avi kontrè.

DRC nan adrès ki endike anba la a:

Kote a:                   Carolyn Sims Center

225 NW 12th. Ave.

Boynton Beach, FL 33435

 Orè Regilye:         lendi jiska dimanch, ant 9 a.m. ak 6 p.m.  

Lè gen plis sant ki louvri, sivivan yo ka chèche youn ki toupre yo sou sitwèb fema.gov/disaster-recovery-centers oswa yo ka rele liy èd FEMA nan nimewo 800-621-3362. Enfòmasyon sa yo disponib tou sou Aplikasyon.    

pou fasilite aktivite yo reprann, nou ankouraje sivivan yo pou yo enskri anvan yo ale nan yon DRC.  pou enskri ale sou sitwèbwww.DisasterAssistance.gov oswa rele Liy Èd FEMA nan nimewo 800-621-3362.  Èd la disponib nan pifò lang epi liy telefòn yo louvri ant 7 a.m. ak 11 p.m. Eastern Lè Avanse Zòn Lès (Daylight Time ,EDT) sèt jou pa semèn jouk lè gen avi kontrè.  

Si ou gen telefòn oswa aksè nan entènèt, ou ka enskri nan youn nan fason sa yo:

  • sou sitwèb DisasterAssistance.gov.
  • Rele Liy Èd FEMA Helpline nan nimewo800-621-3362 pou pale, 711 ak Sèvis Relè nan Videyo (Video Relay Service ,VRS). Si ou soud oswa  mal pou tande oswa si ou gen andikap pou pale epi w ap itilize yon TTY, rele nimewo 800-462-7585.
  • Tele chaje Aplikasyon Mobil FEMA  epi aplike.

Sivivan ki bezwen yon aranjman rezonab tankou Langaj Siy Ameriken Ekriti Bray, gwo lèt elatriye pandan yo nan yon DRC ka rele nimewo Liy Èd la pou yo jwenn sipò nan nimewo 800-621-3362. Nimewo pou rele gratis yo louvri depi 7 a.m. jiska 11 p.m. , sèt jou pa semèn. Èd la disponib nan pifò lang, epi enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an disponib nan ASL sou sitwèb: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.

Ekip ap bay èd pou sivivan yo akòz katastwòf la pou(Disaster Survivor Assistance, DSA) ap fè sondaj nan zòn afekte yo epitou yo kapab enskri sivivan yo pou yo jwenn èd nan FEMA , si li nesesè. Lè rezidan yo bezwen plis èd ekip yo ka voye yo nan yon DRC.

Si ou enskri deja li pa nesesè pou ale nan yon DRC.

ou pa oblije ranbouse sibvansyon FEMA bay yo Ou pa peye taks sou èd FEMA epi li p ap afekte kalifikasyon ou pou avantaj Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt avantaj federal.

Sivivan Yo ta dwe enskri menmsi yo gen asirans. FEMA pa kapab double peman asirans yo, men aplikan ki pa gen ase asirans yo ka resevwa èd apre yo resevwa peman pou reklamasyon yo.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sekou a nan Palm Beach, ale sou sitwèbwww.fema.gov/hurricane-irma.

###

Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans pou swen medikal ak swen dantè, ak depans pou sèvis finerè ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Men, aplikan ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo ba ofisye kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti byen pèsonèl, reparasyon oswa ranplasman veyikil, ak depans pou amenaje ak depo.

 

Tags:
Dènye mizajou