FEMA ap anboche rezidan Florid yo pou sipòte retablisman pou siklòn Irma

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 052
Release Date:
October 11, 2017

ORLANDO, Fla. – FEMA (Ajans Federal pou Jesyon Katastwòf) la ap anboche rezidan lokal yo pou ede nan efò retablisman akoz katastwòf la nan peryòd aprè siklòn Irma a.

Rezidan Florid yo ki vle aplike ta dwe voye rezime yo pa imèl nan FEMA-Workforce-FL@fema.dhs.gov. Tanpri mete mo “Florida” ansanm ak non djòb ou ta renmen pou yo konsidere w pou li a nan liy sijè a. N ap mande pou mete yon metòd prefere pou n ka kontakte w; nou ka kontakte kandida yo pa imèl, telefòn oswa lapòs konsènan pwosesis entèvyou, anbochaj ak seleksyon an.

Nou mete yon lis pòs nou genyen yo ak deskripsyon ki detaye sou djòb la epi nou mete yo ajou nan careers.fema.gov/hurricane-workforce . Pòs tanporè ki peye, enkli: Espesyalis sèvis kliyan, espesyalis nan enfòmatik, espesyalis nan lojistik, tradiktè ak entèprèt swa nan lang kreyòl ayisyen oswa panyòl, espesyalis nan prezèvasyon istorik ak espesyalis anviwonnmantal/plèn inondasyon.

Se politik FEMA pou l ofri opòtinite egal pou tout anplwaye ak kandida yo nan chak aspè nan travay yo ak nan kondisyon travay yo. FEMA sipòte konsèp anplwa afimatif pou asire politik ak pratik pèsonèl la ofri opòtinite anplwa ki egal san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, orijin nasyonal, sèks, laj, andikap, enfòmasyon jenetik, oswa revanj/reprezay.

Moun nou anboche yo pral fè pati ekip retablisman ki deja an plas, ki gen ladan l travayè lokal ak federal, ajans volontè, ak òganizasyon nan kominote a. Atravè anplwaye tanporè lokal, FEMA ap jwenn konesans sou kominote a ki gen anpil valè, l ap bay djòb, epi l ap pèmèt floridyen yo pran devan nan travay y ap fè pou rekonstwi kominote yo a.

Anchorage, Alaska, July 28, 2013 -- FEMA Federal Coordinating Officer (FCO) Dolph A. Diemont officially swears in  the first local hire for the recovery mission. FEMA is hiring local specialists to transition the permanent full time staff and reservists with locally hired human capital. Adam DuBrowa/ FEMA

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje

Asistans pou rekiperasyon akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

Tags:
Dènye mizajou