ST. CROIX, Zile Vyèj — Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) konseye mèt kay yo k ap netwaye ak retire debri menaje apre pasaj Siklòn Irma pou yo respekte enstriksyon otorite jesyon debri teritwa yo.
Otorite Jesyon Dechè Zile Vyèj (Virgin Islands Waste Management Authority, VIWMA) te mande jedi sipò kominote a pou triye sa yo mete sou arebò wout yo. Selon VIWMA, yo dwe pa mete ansanm fatra ak dechè òganik (pyebwa, branch, zèb ak tibranch yo koupe), materyo kontriksyon ak debri, epi metal. VIWMA di pou yo pa jete dechè elektwonik tankou konpitè, televizyon ak radyo.
VIWMA te enfòme rezidan St. Thomas yo tou ke Cancryn Bin Site, ki te fèmen resaman, relouvri kounye an epi rezidan yo ka rekòmanse jete dechè kay yo sèlman nan Sit la.
Akòz gwo deklarasyon gwo dezas yo te fè pou Zile Vyèj yo, FEMA pral bay VIWMA finansman anplis pou retire debri kay ki elijib yo plase akote vwa pasaj piblik yo, men rezidqan yo ta dwe swiv oryantasyon VIWMA.
Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, deklare:“Lè nou retire yon gwo pati nan debri kay yo, sa elimineyon risk sekirite aksante pou rezidan yo. Nou angaje nou pou fè tout sa nou kapab pou ede sivivan yo retabli epi reprann vi nòmal yo rapid jan sa posib.”
###
Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).
(KONTINYE)
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.
Paj 3 - FEMA ap Sipòte Zile Vyèj : l ap Retire Debri yo
Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com or www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.
Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.