Kisa Asistans Endividyèl Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) Genyen ladan li?

Release Date:
Jen 4, 2024

Rezidan Massachusetts nan konte Bristol ak Worcester ki te sibi domaj nan tanpèt ak inondasyon ki te fèt 11-13 Septanm 2023 yo elijib pou aplike pou pwogram Asistans Endividyèl FEMA a. 

Pwogram Asistans Endividyèl FEMA a vize kouvri depans ki pa asire oswa ki pa sifizamman asire yo pou repare, rekonstwi oswa ranplase domaj nan rezidans prensipal ou a. Sibvansyon FEMA yo limite a depans ki lye ak bezwen esansyèl epi vize bay yon kay ki abitab epi ki an sekirite. Men yon apèsi sou Asistans Endividyèl: 

Asistans pou Lojman 

Lajan pou ede ou ak depans ki lye ak domaj nan kay ou, ki ka gen ladan: 

  • Asistans pou Reparasyon/Ranplasman Lojman: Si w se yon pwopriyetè kay epi w te abite lakay ou nan moman katastwòf la, tip asistans sa a ka gen ladann lajan pou repare domaj katastwòf la te koze nan rezidans prensipal ou, sèvis piblik yo, ak enfrastrikti rezidansyèl yo, oswa pou ede ranplase rezidans prensipal ou nan ka destriksyon.  Lajan an ka ede tou repare pati nan kay ou a ki te domaje akòz katastwòf la menmsi te gen yon domajman ki te deja egziste nan pati sa a nan kay la.
  • Bezwen Aksesiblite:      Lajan pou ede aplikan andikape yo ak reparasyon espesifik ki fè kay yo aksesib (tankou yon ranp eksteryè, ba pou kenbe, ak yon chemen amenaje nan antre kay la). Reparasyon yo posib nan ka gen domaj nan eleman sa yo. Yo ka fè amelyorasyon nan ka karakteristik sa yo pa t prezan anvan katastwòf la epi nesesè akòz yon andikap ki te deja egziste oswa andikap katastwòf la te lakòz.
  • Asistans Pou Lwaye:  Lajan pou lwe yon lòt kay si ou te deplase soti lakay ou akòz katastwòf la.
  • Ranbousman Depans Lojman: Lajan pou ranbouse otèl, motèl, oswa lòt lojman akoutèm si ou te deplase tanporèman akòz katastwòf la. Lajan sa a disponib sèlman si ou pa t resevwa lajan pou Asistans Deplasman nan kad Asistans Pou Lòt Bezwen. (Gade pi ba.)

Asistans Pou Lòt Bezwen 

Lajan pou ede ou ak depans ki nesesè yo ak bezwen enpòtan katastwòf la te koze, tankou: 

  • Bezwen Enpòtan: Yon pèman inik $750 aprè yon enspeksyon nan kay la pou ede peye pou atik vital epi ki esansyèl pou lavi tankou dlo, manje, premyè swen, medikaman sou preskripsyon, lèt matènize, ekipman alètman, kouchèt, atik ijyèn pèsonèl ak gaz pou transpò si ou te deplase oswa te gen lòt depans ijans akòz katastwòf la. 
  • Asistans Pou Deplasman: Lajan pou ede ak jiska 14 jou bezwen lojman imedya si ou pa t kapab retounen lakay ou imedyatman aprè katastwòf la. Lajan sa a ta ka itilize pou rete nan yon otèl, kay yon zanmi oswa fanmi oswa lòt opsyon pandan w ap chèche yon kote ki pi pèmanan pou viv pandan w ap repare kay ou.
  • Byen Pèsonèl: Lajan pou ede w repare oswa ranplase aparèy elektwomenaje, mèb chanm, ak òdinatè pèsonèl oswa familyal ki domaje akòz katastwòf la. Sa a ka gen ladan tou lajan pou liv, inifòm, zouti, lòt òdinatè ak lòt bagay ki nesesè pou lekòl oswa travay, enkli travay endepandan.
  • Sèvis Medikal/Dantè: Lajan pou ede peye pou depans ki pa asire paske katastwòf la te lakòz yon blesi oswa maladi. Lajan sa a ka itilize tou pou ede ranplase ekipman medikal/dantè, ekipman alètman, oswa medikaman sou preskripsyon ki domaje oswa pèdi akòz katastwòf la, a kondisyon yon lòt sous pa kouvri yo. 
  • Gadri: Lajan pou ede peye pou nouvo oswa ogmantasyon nan depans gadri katastwòf la lakòz.
  • Asistans Pou Atik Divès: Lajan pou kèk atik ki elijib (tankou yon jeneratè, ekstraktè imidite, goyin, elatriye) ou te achte oswa lwe aprè katastwòf la pou te ede ou ak rekiperasyon.
  • Transpò: Lajan pou ede w repare oswa ranplase yon veyikil ki domaje akòz katastwòf la lè w pa gen sifizamman asirans epi w pa gen lòt veyikil ou ka itilize.
  • Depans Demenajman ak Estokaj: Lajan pou ede ou deplase epi estoke byen pèsonèl lakay ou pou anpeche plis domaj, jeneralman pandan w ap fè reparasyon nan kay ou oswa pandan w ap demenaje nan yon nouvo andwa akòz katastwòf la.
  • Polis Asirans Inondasyon Kolektif: Si kay ou a sitiye li nan yon zòn ki gen gwo risk pou inondasyon epi ou te sibi domaj akòz katastwòf la, FEMA ka achte yon Polis Asirans Inondasyon Kolektif nan non ou ki ofri yon kouvèti twa lane.
  • Netwayaj ak Dezenfektasyon: Lajan pou ede peye pou domaj trè minim katastwòf la te lakòz pou evite plis pèt ak pwoblèm sante oswa sekirite posib. Lajan sa a disponib sèlman nan kèk katastwòf si ou te sibi domaj materyèl men ou pa t elijib pou Asistans pou Reparasyon oswa Ranplasman kay ou paske FEMA te detèmine ou te kapab viv san danje toujou lakay ou.

Pou dènye enfòmasyon yo vizite 4780 | FEMA.gov. Swiv FEMA sou Twitter (X) nan twitter.com/femaregion1 ak nan facebook.com/fema.

Pou mizajou sou operasyon repons ak rekiperasyon nan Massachusetts, swiv Ajans Jesyon Ijans Massachusetts (Massachusetts Emergency Management Agency) sou Twitter (X) MEMA (@MassEMA) / X ak Facebook Massachusetts Emergency Management Agency (MEMA) | Facebook oswa vizite Massachusetts Emergency Management Agency | Mass.gov.

Tags:
Dènye mizajou