Itilize Dèlko pou gen Sekirite Lakay Ou

Release Date:
September 3, 2021

Dèlko se aparèy ijans ki founi yon lòt sous enèji lè genyen pàn kouran. Anpil sinistre nan Louisiana ap itilize dèlko mobil akòz yo ap pran kouran chak tan pandan siklòn Ida a. Dèlko yo kapab itil pandan blakawout, men yo bay pwoblèm sante ak sekirite grav.

Fè atansyon ak ris yo 

  • Pwazon akòz monoksid kabòn
  • Dife
  • Pran kouran

Konsèy pou sekirite

Asire w pou w li enfòmasyon founisè yo sou kòman pou ou itilize dèlko a.

Pwazon akòz monoksid kabòn

  • Pa panse ou genyen sekirite. Monoksid kabòn ki nan dèlko yo pa genyen koulè ni lòdè, sa vle ou p ap kabab konnen si li la. Li kapab touye fanmi w ak bèt lakay ou.
  • Pa itilize yon dèlko anndan oswa nan yon espas ki prèske fèmen, ki kapab kay, garaj, sousòl - menm si areya a ta genyen espas pou lè rantre.
  • Pa kite li mache bò kote pòt ouvè ak fenèt. Itilize vantilatè p ap frennen monoksid kabòn lan pou li pa konsantre nan kay la.
  • Enstale alam monoksid kabòn ak pil pou li avèti ou lè genyen danje grav. Asire w pou swiv rekòmandasyon founisè a fè sou kote pou ou mete li.

Pran kouran oswa chòk elektrik

  • Always connect the generator to appliances with heavy-duty extension cords.
  • Hooking up your generator directly into your home power supply could increase the voltage or could cause a surge to the outside power lines and potentially injure or electrocute an unaware utility lineman. It also bypasses some of the built-in household circuit protection devices. Connecting the generator to your home could cause a surge in electricity that might result in injury or death to yourself or your family.
  • Use a qualified electrician to install the appropriate equipment in accordance with local electrical codes or ask your utility company to install an appropriate power transfer switch.

Dife

  • Kite dèlko ou deyò epi mete gaz ladan li deyò.
  • Pa kite gaz pou dèlko anndan kay ou. Gazolin, pwopàn, kewozèn, dyezèl ak lòt likid ki kapab pran dife yo ta dwe rete deyò kay la nan yon bidon ki gen etikèt, ki pa kristal ki byen sekirize.
  • Pa konsève gaz bò kote yon aparèy ki ak gaz, egzanp yon fou ak gaz.
  • Si gaz la tonbe oswa bidon an pa byen fèmen, vapè envizib gaz la kapab pwomennen atè a epi pran dife ak limyè nan aparèy la oswa etensèl dife enteriptè a.
  • Anvan ou remete gaz nan dèlko a, etenn li epi kite li frèt. Gazolin ak lòt likid ki kapab pran dife kapab tonbe sou motè a epi pran dife, epi vapè envizib gaz yo kapab pwomennen atè a epi pran dife ak limyè nan dèlko a oswa etensèl dife enteriptè aparèy la.

Resous pou plis enfòmasyon sou dèlko ak monoksid kabòn:

 

Pou dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida an ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/FEMARegion6 epi ba nou like sou Facebook nanfacebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou