Depanse Sibvansyon FEMA yo Sèlman nan Rekiperasyon pou Siklòn

Release Date:
Desanm 7, 2021

Nan peryòd fèt fen dane a, kòm pwopriyetè ak lokatè yo ap kontinye resevwa fon pou katastwòf la, FEMA vle raple nou dwe itilize kòb sibvansyon federal yo sèlman pou depans ki lye ak katastwòf la.

Resevwa Sibvansyon Lajan

Depi ou fin konplete yon aplikasyon, sa sèlman pran FEMA kèk jou pou depoze kòb la nan kont bankè ou te founi an. Li ap parèt sou kont ou sou yon kòd bankè ki pa oblije di mo FEMA a. Ou pral resevwa tou yon lèt oswa yon imèl ki ap di ou montan ou ap resevwa a epi eksplike ou kòman pou ou depanse lajan an.

Depanse Sibvansyon yo ak Sajès

Sibvansyon pou katastwòf yo pa pou depans regilye pou viv. Kèk egzanp depans ki otorize ki genyen ladan:

  • Reparasyon Kay (egzanp, estrikti, dlo, sistèm septik ak dlo egou)
  • Asistans lokasyon pou lwaye ak / oswa depo garanti
  • Reparasyon oswa ranplasman yon machin esansyèl
  • Swen medikal oswa dantè pou yon chòk ou te pran nan katastwòf la ou pa te gen asirans pou li
  • Materyèl edikatif ki nesesè (pa egzanp, òdinatè, liv lekòl, founiti)
  • Depans demenajman ak depo ki gen rapò ak katastwòf la
  • Ranplasman pwopriyete esansyèl pèsonèl tankou aparèy oswa kabann nan chanm moun ap viv ladan li
  • Ogmantasyon depans gadri

Risk ki lye ak Pa Itilize Lajan jan li Ta Dwe

Li lèt konfimasyon ou an ak anpil atansyon. Ou pral bezwen kenbe resi pou tout depans yo pou omwen twa lane, paske yo kapab revize finansman katastwòf lan. Si ou te depanse peman an sou nenpòt lòt bagay ki pa objektif li sipoze a, yo ka refize ou asistans pou katastwòf pi devan. Nan kèk ka, FEMA ap mande pou yo remèt lajan an.

Kenbe kontak ak FEMA

Asire ou FEMA genyen enfòmasyon kontak ou ki pi ajou yo, tankou adrès, nimewo telefòn ak kont labank. Si FEMA pa genyen bon enfòmasyon pou kontakte yon sinistre, yo kapab pa jwenn lèt oswa kout fil konsènan aplikasyon pou asistans ak peman yo.

Pou nenpòt kesyon, rele Liy Èd FEMA, 800-621-3362 . Moun ki ap itilize yon sèvis relè tankou yon videyofòn, Innocaption oswa CapTel dwe bay FEMA nimewo espesifik yo genyen ki asosye ak sèvis sa a.

Tags:
Dènye Mizajou