Kawolin di Sid: Fèy Enfòmasyon Siklòn Ian Chak De Semèn – 3 mas 2023

Release Date:
March 3, 2023

Rekiperasyon selon Chif yo

FEMA ak Administrasyon Ti Biznis Etazini te apwouve $4,8 milyon nan asistans federal pou sivivan Siklòn Ian, ki te frape Kawolin di Sid an sept. 2022. Sa genyen ladann:

  • $2 593 314.39 nan asistans FEMA te apwouve pou endividi ak fwaye ki genyen ladann:
    • $2 198 671.77 ki te apwouve pou asistans lojman
    • $394642.62 te apwouve pou lòt bezwen ki anrapò ak dezas
  • $2 240 400 nan prè dezas SBA ki te apwouve pou pwopriyetè, lokatè ak biznis

Dat limit pou aplike pou asistans dezas FEMA se lendi 23 jan. 2023.

Mesaj Kle

FEMA Bezwen Enfòmasyon Kontak Ajou w

  • Apre w fin aplike pou asistans dezas federal, li enpòtan pou FEMA kapab kontakte w. Konnen ke apèl telefòn FEMA gendwa soti nan yon nimewo ki pa idantifye. Asire w ke FEMA gen enfòmasyon pou kontakte w ki ajou.
  • FEMA gendwa bezwen rele kèk sivivan nan konte Charleston, Georgetown ak Horry pou kontinye trete aplikasyon yo pou asistans apre Siklòn Ian te frape kot Kawolin di Sid an an septanm. FEMA tou gendwa kontakte kèlke sivivan pou ranmase enfòmasyon pou aplikasyon yo.
  • Si genyen nenpòt chanjman nan nimewo telefòn, adrès aktyèl, enfòmasyon bank oswa asirans ou, ou ta dwe enfòme FEMA imedyatman ke sa posib oswa w ap rate apèl telefòn oswa korespondans enpòtan. Ou ka aktyalize enfòmasyon kontak ou nan plizyè fason:
    • Ale sou DisasterAssistance.gov
    • Rele 800-621-3362. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn soutitre oswa lòt, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a. Ling yo ouvri soti 7è a.m. rive 11 p.m. chak jou. Lè Lès nan pifò lang, sèt jou pa semèn.
    • Telechaje applikasyon FEMA pou telefòn entèlijan.   

Asistans Legal Dezas

Pwoteje Idantite W: Ede Prevwa Fwod

  • Magouy gendwa parèt sou plizyè fòm, tankou apèl, tèks, lèt lapòs ak imèl, sitwèb, oswa an pèsòn.
  • Si w aplike pou FEMA yon enspektè gendwa vizite w. Y ap toujou genyen yon badj idantifikasyon ofisyèl.
  • Rete veyatif pou si yon moun mande w nimewo anrejistreman nèf chif ou a. Enspektè FEMA yo p ap janm mande enfòmasyon sa a. Yo deja genyen li nan dosye yo.
  • Enspektè lojman yo pa janm mande peye yon frè pou enspekte kay ou.
  • Ankenn ofisyèl gouvènman p ap rele w pou mande w enfòmasyon sou kont finansye w. Si w gen dout ke yon reprezantan FEMA otantik, rakwoche epi rele Ling Asistans FEMA a nan 800-621-3362 pou rapòte ensidan an.

Rete an kontak ak FEMA

  • Kandida Kawolin di Sid yo ta dwe mete FEMA ajou konsènan chanjman nan asirans, sitiyasyon lojman aktyèl, nimewo telefòn, adrès postal ak preferans peman. Enfòmasyon ki manke oswa ki pa kòrèk gendwa retade asistans finansye ke w kalifye pou resevwa. Lè w ap kontakte FEMA, asire w ke w bay nimewo nèf chif ki asosye avèk ou lè w te aplike a.
  • Apre konsekans Siklòn Ian, FEMA rete pare pou asiste sivivan ki anrejistre nan Kawolin di Sid yo epi pandan kèk tan apre, ofiramezi sitiyasyon apre peryòd dezas la evolye. Gras ak kontak nèt ale,
  • Anplwaye FEMA yo ka asiste sivivan yo jwenn èd ke yo kalifye pou li, ke se finansman pou lojman tanporè oswa pou reparasyon minè nan yon kay ki se rezidans prensipal sivivan an.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Kawolin di Sid de Siklòn Ian, vizite FEMA.gov/disaster/4677. Ou gendwa tou swiv twitter.com/SCEMD; facebook.com/SCEMD/@FEMARegion4/Twitter ak Facebook.com/FEMA.

Tags:
Dènye mizajou