Moun Aje yo – Prepare Kounye pou yon Ijans

Release Date:
April 9, 2021

Lè yon dezas frape, popilasyon moun aje yo se youn nan moun ki pi vilnerab, espesyalman pou sila yo k ap viv pou kont yo. Gen mezi Ameriken ki pi aje yo ka pran pou kòmanse prepare pou ijans yo anvan yo rive. Pa egzanp, si li difisil pou w deplase poukont ou oswa ou bezwen asistans pou abri lakay ou oswa pou evakye, ou bezwen konnen davans kilès ki pral ede.  

Granmoun ki pi aje yo fè fas ak anpil lòt obstak pandan yon ijans pase pifò moun: izolasyon, mobilite limite, bezwen medikal, ak mefyans. Pafwa, moun aje konte sou yon sèl manm fanmi yo kòm moun prensipal pou bay swen. Men, ijans ka rive nan nenpòt ki lè, epi moun abityèl la gen dwa pa la. Li enpòtan pou gen yon lis lòt moun ou ka rele epi konnen ki jan pou jwenn yo.

Fè yon Lis Moun Ki Kapab Ede W

  • Kreye yon chenn kontak. Deside ki moun ki pral kontakte lòt pandan yon ijans. Mete non fanmi, zanmi, ak vwazen, si sa nesesè, men pa kite tout bagay sou yon sèl moun. Si sèl moun ki nan lis la ta blese oswa enkapab, ou riske pou w kwense. Konsève lis moun kap ede ou yo nan twous ijans ou an.
  • Gen anpil aplikasyon kominikasyon ki disponib. Chwazi youn (1) oubyen de (2), apresa, mande fanmi an ak zanmi yo ki sou lis kontak ijans ou an pou telechaje menm aplikasyon sa yo. Yo ka itilize yo pou kominike youn ak lòt si liy telefòn oswa sèvis entènèt ta vin anpàn.

Asire w Pou Mete Enfòmasyon Medikal OU Disponib

Si ou gen yon pwoblèm medikal, ou ka chwazi pou mete yon braslè alèt medikal oswa yon meday. Sa a kapab sove lavi ou, sitou si ou se yon dyabetik oswa fè alèji avèk medikaman espesifik, elatriye. Nenpòt nan bijou alèt medikal yo ki disponib jodi a ta ka ede premye sekouris trete ou byen nan ka ou pa kapab bay oswa eksplike yo istwa medikal ou.

Men Bagay Ou Bezwen Pran avèk Ou si Ou Kite Lakay Ou

  • Anvan yon ijans rive, ekri yon lis tout bagay ki nesesè pou ou rete an sante. Mete non doktè ou ak non famasi avèk enfòmasyon pou kontak, yon lis medikaman, lis tout aparèy medikal ak medikaman yo. Apresa, fè moun yo ki sou lis kontak ou a konnen ki kote lis la ap ye nan ka ou bezwen li.
  • Yon twous. Yon bagay ou pral bezwen, se yon twous ansanm ak tout atik ou bezwen yo pou siviv pou yon minimòm 72 èdtan. Pou yon lis konplè, vizite Konstwi Yon Twous | Ready.gov. Lakwa Wouj Ameriken ka ede ou tou avèk enfòmasyon sou atik ki rekòmande yo.
  • Lajan Kach. Anrèg jeneral ou dwe genyen omwen ase lajan kach pou peye pou 30 jou nan depans sibsistans enpòtan yo. Montan lajan an depann de valè depans kritik ou yo. Anjeneral sa gen ladan yon ipotèk, bòdwo elektrisite, bòdwo telefòn, bòdwo dlo, bòdwo gaz, elatriye. Se yon pi bon lide pou ta planifye peye bòdwo ou sou oto-peye - Lè sa a, ou ka pa bezwen enkyete w sou pwoblèm sa a sof si gen yon pàn kouran toupatou nan zòn kote w ye nan peyi a. Asire ou pou gen omwen kèk nan kach ou a ti papye lajan ak kèk ti pyès monnen nan ka si ou bezwen li pou peye tòl oswa pou achte atik episri ak founiti.

Chak moun ka pran etap pou prepare yo pou jan de ijans ki gen plis chans pou rive kote yo rete a. Nan Lwizyàn yo gen ladan yo siklòn, inondasyon, dife ak plis ankò. Pafwa yo konnen danje yo byen lontan anvan yo rive, epi ou gen tan pou prepare. Gen lòt fwa, ou dwe reyaji touswit. Lè sa rive, ou bezwen konnen ki moun pou rele pou èd.

Pou plis enfòmasyon sou kijan pou prepare w, gade Preparasyon Fè Sans pou Ameriken ki Pi Aje yo  - YouTube.

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite sitwèb Louisiana Hurricane Laura (DR-4559-LA). Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, vizite sitwèb Louisiana Hurricane Delta (DR-4570-LA). Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Zeta, vizite sitwèb Louisiana Hurricane Zeta (DR-4577-LA). Pou plis enfòmasyon sou Tanpèt Ivè yo vizite sitwèb Louisiana Severe Winter Storms (DR-4590-LA) Oswa, swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA a sou FEMA Region 6 (@FEMARegion6) / Twitter.

Tags:
Dènye mizajou