Kesyon ak Repons Konsènan Èd pou Katastwòf FEMA

Release Date:
October 11, 2022

FEMA Individual Assistance (Èd Endividyèl FEMA) ede sivivan katastwòf yo kòmanse retabli yo, li annik ba yo sibvansyon pou bezwen ki esansyèl yo. Ajans la vle pou chak moun ak fanmi ki afekte nan Siklòn Ian nan genyen yon kote ki an sekirite, aksesib epi yon kote yo ka itilize. FEMA pa ranplase yon asirans. Ni li pa kapab double lòt sous èd yo.

Ki èd FEMA bay?

  • Lodging Expense Reimbursement (Ranbousman Frè Lojman) pou frè otèl; sa a se pou aplikan ki pa gen asirans oswa ki pa gen ase asirans ki pa t kapab retounen lakay yo akoz dega siklòn nan te lakoz. Konsève kopi resi yo.
  • Home Repair/Replacement Assistance (Èd pou Reparasyon/Ranplasman Lojman) pou pèt ki fèt akoz katastwòf la epi ki poko genyen yon lòt sous ki kouvri yo.
  • Rental Assistance (Èd Lokasyon) pou ka jwenn yon lojman ranplasan si ou pa kapab rete nan kay prensipal ou a ankò akoz dega katastwòf la te lakoz.
  • Personal Property Assistance (Èd pou Pwopriyete Pèsonèl) pou repare oswa ranplase pwopriyete pèsonèl esansyèl ki pa gen asirans, ki te andomaje akoz siklòn Ian nan.
  • Transportation Assistance (Èd pou Transpò) pou machin prensipal ki domaje nan katastwòf la.
  • Medical and Dental Assistance (Èd Medikal ak Dantè) pou pwoblèm medikal ak pwoblèm dan ki pa gen asirans oswa pèt siklòn Ian nan te lakoz.
  • Funeral Assistance (Èd pou Fineray) ki gen rapò ak yon lanmò ki fèt dirèkteman oswa endirèkteman akoz siklòn nan.

Kisa ki ka lakoz yon desizyon "pa kalifye"?

Ou gendwa bezwen soumèt plis enfòmasyon pou akselere oswa rekòmanse pwosesis verifikasyon aplikasyon an. Anpil fwa, yo deside yon aplikasyon "pa kalifye" akoz yon dokiman ki manke. Men kèk egzanp:

  • Prèv kouvèti asirans (Paj Deklarasyon)
  • Kopi règleman asirans ou an ki gen rapò ak dega Siklòn Ian nan te lakoz.
  • Prèv idantite (paspò ameriken, kat idantite militè, anrejistreman veyikil ki gen motè, kat Sekirite Sosyal ansanm ak yon kat idantite federal oswa eta, yon fich pewòl ki montre tout oswa yon pati nan nimewo Sekirite Sosyal ou.)
  • Prèv lokasyon (kontra lwaye oswa kontra lokasyon, resi lwaye, bòdwo sèvis piblik, anrejistreman veyikil ki gen motè, elatriye. FEMA te bay plis mwayen pou reponn ak egzijans sa a.
  • Prèv pwopriyetè (ak pwopriyete oswa tit pwopriyete, dokiman ipotèk, kontra asirans pwopriyetè a, bòdwo oswa resi taks sou pwopriyete, sètifika oswa tit pwopriyete pou yon kay yo fabrike ak kontra acha kay la) FEMA te bay plis mwayen pou reponn ak egzijans sa a.
  • Prèv ki montre pwopriyete ki andomaje a se te kay prensipal ou lè katastwòf la te rive a.

Si w gen kesyon sou lèt desizyon FEMA a, ou gendwa ale sou entènèt sou DisasterAssistance.gov.

oswa rele Liy Èd pou Katastwòf la nan 800-621-3362, ki louvri sèt (7) jou sou 7 soti 7 A.M. jiska 11 P.M. ET (Lè Lès).

Kisa yon enspektè FEMA ap chèche?

Yo gendwa egzije yon enspeksyon FEMA pou yo ka detèmine si yon kay an sekirite, aksesib epi si moun ka itilize l. FEMA konsidere faktè sa yo lè l ap detèmine si yon aplikan kalifye pou yon èd:

  • Èske estrikti ki deyò kay la bon, tankou pòt yo, do kay la ak fenèt yo?
  • Èske sistèm elektrisite, gaz, chofaj, plonbri, egou ak fòs septik yo fonksyone byen?
  • Èske moun ka abite anndan kay la epi èske estrikti li bon, tankou plafon an ak atè a?
  • Èske yo ka itilize kay la pou fè tout sa yo di moun ka fè ladan l yo?
  • Èske gen yon aksè ki san danje pou ale nan kay epi pou soti nan kay la?

Nan anpil ka, dega ki gen rapò ak katastwòf gendwa egziste, men rezidan yo ka toujou rete viv lakay yo san danje.

Poukisa vwazen m nan te jwenn plis lajan sibvansyon pase sa m te resevwa pou reparasyon yo?

Chak ka yon jan espesyal. Gen plizyè faktè ki ladann, tankou estati asirans ak gwosè a epi kalite dega yo jwenn.

Mwen pa ka rebati kay mwen an ak lajan FEMA ap ofri mwen an.

Èd FEMA a pa menm jan ak yon asirans. Èd FEMA a bay lajan pou fè yon seri travay debaz pou rann yon kay an sekirite epi abitab; pa egzanp, nou gendwa bay w sibvansyon pou w ranplase oswa repare atik tankou twalèt, sèvis piblik enpòtan, fenèt, pòt ak yon do kay men rido oswa zèv atistik pa ladann.

Mwen se yon lokatè. Èske mwen kalifye pou èd FEMA a?

Lokatè ki te gen pwopriyete yo detwi oswa andomaje akoz Siklòn Ian nan gendwa kalifye pou aplike pou yon èd federal. Sibvansyon FEMA a ka ede peye yon lojman tanporè. Epitou, lokatè yo gendwa kalifye pou sibvansyon pou ranplase oswa repare byen pèsonèl ki nesesè, tankou mèb, aparèy elektwomenaje, rad, liv oswa founiti lekòl; ranplasman oswa reparasyon zouti ak lòt ekipman ki gen rapò ak travay ki nesesè pou travayè endepandan yo; veyikil prensipal yo; frè medikal, dantè, gadri, demenajman ak estokaj ki pa gen asirans oswa ki soti nan pòch moun nan.

Èske moun lakay mwen kapab aplike pou èd FEMA a si mwen pa yon sitwayen ameriken?

Pou kalifye pou èd FEMA a, oumenm oswa yon moun lakay ou dwe se yon sitwayen ameriken, dwe se yon moun ki pa sitwayen ameriken oswa dwe se yon etranje ki kalifye. Men, fanmi ki pa gen papye ki genyen yon estati imigrasyon ki divèsifye, sèlman bezwen yon manm fanmi (ki gen ladan yon timoun minè) ki se yon sitwayen ameriken, ki pa sitwayen ameriken, oswa yon etranje ki kalifye epi ki gen yon nimewo Sekirite Sosyal pou aplike. Yon etranje ki kalifye gen moun sa yo ladann:

  • Rezidan pèmanan legal (yon moun ki gen ''kat rezidans'')
  • Yon moun ki pran azil, yon refijye, oswa yon etranje yo mete depòtasyon li a annatant
  • Etranje ki vin Etazini sou libète kondisyonèl depi omwen yon (1) ane
  • Etranje imigrasyon bay yon antre kondisyonèl (dapre lwa ki anvigè anvan Avril 1, 1980)
  • Kiben/Ayisyen k ap antre yo
  • Kèk etranje ki sibi yon mechanste ki grav anpil oswa ki te viktim yon fòm trafik moun ki grav, ki gen ladan moun ki gen yon viza "T" oswa "U".
  • y or who have been a victim of a severe form of human trafficking, including persons with a “T” or “U” visa.

Granmoun ki pa kalifye nan youn pami kategori ki anwo yo, ni sa ki pa gen papye yo, kapab aplike nan non yon timoun minè ki kalifye epi ki gen yon nimewo Sekirite Sosyal. Yon timoun minè dwe viv ak paran oswa responsab legal k ap aplike nan non li an. Paran an oswa responsab legal la p ap oblije bay okenn enfòmasyon sou pwòp estati imigrasyon li ni li p ap siyen okenn dokiman konsènan estati li.

Kisa k ap pase si mwen pa dakò ak desizyon FEMA a?

Chak aplikan gen dwa pou li konteste yon desizyon FEMA te pran. Pa egzanp, si w santi kantite oswa kalite asistans lan pa kòrèk, ou gendwa soumèt yon lèt kontestasyon ak nenpòt dokiman ki nesesè pou sipòte reklamasyon w lan, tankou devi yon kontraktè pou reparasyon kay la.

FEMA pa ka double èd yon lòt sous ap ba ou, tankou règleman asirans oswa yon lòt pwogram. Men, si w pa gen ase asirans ou ka resevwa plis èd pou bezwen ou genyen ki pa konble yo apre reklamasyon asirans yo fin regle lè w annik soumèt yon kopi règleman asirans lan oswa dokiman refi a bay FEMA.

Kòman pou mwen konteste?

Ou dwe depoze kontestasyon w lan alekri nan FEMA. Nan yon lèt ki siyen epi ki gen dat, ou dwe eksplike rezon kontestasyon w lan. Epitou, lèt kontestasyon w lan dwe genyen:

  • Non konplè ou
  • Nimewo Katastwòf la (DR-4673)
  • Adrès kay prensipal la anvan katastwòf la te rive
  • Nimewo telefòn ak adrès ou ye kounye a
  • Nimewo enskripsyon FEMA w la sou chak paj dokiman ou

Si yon lòt moun ki pa oumenm oswa yon ko-aplikan ap ekri lèt ou a, moun sa a dwe siyen lèt kontestasyon an, epi ou dwe bay FEMA yon deklarasyon ki siyen ki otorize moun nan pou l aji nan non w.

Lèt ou a dwe gen dat tenb lapòs sou li nan espas 60 jou apre dat ki sou lèt desizyon w lan. Ou dwe soumèt lèt kontestasyon yo ak dokiman sipò yo bay FEMA pa faks oswa pa lapòs, oswa sou entènèt si w gen yon kont FEMA sou entènèt. Pou kreye yon kont FEMA sou entènèt, ale sou DisasterAssistance.gov, klike sou "Apply Online'' (Aplike sou Entènèt) epi suiv enstriksyon yo.

  • Pa lapòs: FEMA National Processing Service Center, P.O. Box 10055, Hyattsville, MD 20782-7055
  • Pa faks: 800-827-8112, Attention: FEMA

 

Kesyon Moun Poze Souvan Sou Katastwòf 

Rimè Yo Souvan Tande Ki Gen Rapò ak Katastwòf

 

Tags:
Dènye mizajou