Akizisyon Pwopriyete nan kad Pwogram Sibvansyon pou Rediksyon Risk (Hazard Mitigation Grant Program, HMGP)

Release Date:
Novanm 6, 2024

Apre inondasyon, plizyè pwopriyetè konn ezite ant repare oswa rekonstwi pwopriyete yo ki nan zòn anondasyon. Pou sèten, patisipe nan akizisyon volontè pwopriyete yo a ak kominote lokal yo a ka yon solisyon.

Fason Li Fonksyone

Kominote lokal yo ka achte pwopriyete ki nan zòn inodasyon yo, demoli bilding nan epi kenbe teren kòm yon espas ouvè. FEMA ka peye 75% pri akizisyon an atravè Pwogram Sibvansyon pou Rediksyon Risk li a epi 25% montan an pa federal, sa ki siyifi, pwopriyetè a ap responsab 25% nan pri pwojè a ap koute a. Yo ka anvizaje akizisyon an pou yon pwopriyetè ki gen yon kay nan yon zòn ki anba gwo risk inondasyon epi ki te sibi gwo dega pandan inodasyon. Se eta a k ap jere pwogram akizisyon an, nan kolaborasyon ak kominote lokal yo.

FEMA pa achte kay yo dirèkteman nan men pwopriyetè yo. Nan Florida, chak konte gen yon gwoup travay Lokal pou Plan Rediksyon Risk (Local Mitigation Strategy, LMS) la. Nan gwoup sa yo gen entèvenan kominotè ki responsab kowòdinasyon mezi rediksyon risk yo nan konte a, ni pou mete ajou plan LMS la ak yon lis pwojè priyoritè. Si ou enterese nan akizisyon an, kontakte Residentialmitigation@em.myflorida.com 

Èske y ap fòse m pou vann?

Non, patisipasyon w nan pwogram akizisyon an volontè. Apre prezidan an fin deklare yon katastwòf, finansman Pwogram Sibvansyon pou Diminye Risk (Hazard Mitigation Grant Program, HMGP) la disponib pou responsab lokal yo aplike pou achte pwopriyete ki te inonde oswa yo te konsidere ki sibi gwo domaj.

Èske y ap vann pwopriyete m nan?

Non, tèren an ap vin anba yon restriksyon legal epi kominote ap jere l kòm yon espas ki ouvè pou konsèvasyon natirèl plèn ki inondab. 

Konbyen tan pwosesis akizisyon an ap dire?

HMGH pa yon pwogram retablisman oswa reparasyon an jians. Travay yon pwojè pa ka kòmanse toutotan yo pa ko egzamine l, apwouve l, epi toutotan yo pa ko egzekite yon kontra. Jeneralman, pwojè akizisyon yo pran de (2) jiska twa (3) lane oswa plis pou yo soumèt aplikasyon an epi pou yo fini l. Akizisyon an nesiste yon kowòdinasyon enpòtan ant pwopriyetè a, kominote a, ak eta a.

Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon apre Siklòn Milton nan, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou Siklòn Helene nan, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou Siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.

###

Misyon FEMA se pou ede moun anvan, pandan epi aprè katastwòf. 

Tags:
Dènye Mizajou