Pwomosyon Patenarya pou Relansman kont Dezas Lwizyàn

Release Date:
March 19, 2021

Pandan jefò repons ijans kont dezas la ap estabilize, fokis la ap chanje sou relansman. Gwoup Kowòdinasyon Relansman Entèajans (Interagency Recovery Coordination - IRC) Fema a ap ede avèk relansman alontèm ki chita sou enklizyon epi ki gide lokalman, jere onivo leta, epi pa otorite federal yo.      

IRC travay sou direktiv National Disaster Recovery Framework (NDRF – Kad Relansman kont Dezas Nasyonal la) avèk ekip espesyalis FEMA yo ak lòt ajans federal yo pou mobilize epi kowòdone asistans teknik, resous, ak ekspè nan domèn yo ki travay nan òganizasyon nongouvènmantal ak sektè prive a. Ansanm y ap sipòte jefò relansman lokal, leta, ak federal yo.  

NDRF chita sou wit prensip:

  • Konpetans endividyèl ak fanmi yo;
  • Priyorite lidèchip ak lokal;
  • Planifikasyon relansman pre-Dezas;
  • Ankouraje patenarya ak enklizyon;
  • Inite jefò yo;
  • Rapidite ak fleksibilite;
  • Rezilyans ak dirabilite; avèk
  • Retablisman sikolojik ak emosyonèl.

Patisipasyon tout kominote a ap asire objektif relansman yo ap planifye lokalman epi apwopriye lokalman.

Yon wòl enpòtan IRC se dwa enperatif li nan founi asistans siplemantè epi bay aksè ak resous finansye nongouvènmantal ki ka reponn ak bezwen FEMA, leta, ak lòt pogram yo pa rive reponn.

Relansman Finansyè 

  • Apre siklòn Laura ak Delta, relansman ekonomik ak pou lojman te pami bezwen pi kritik pou moun Lwizyàn yo. Pogram FEMA yo anplas pou ede bezwen imedya yo, men solisyon alontèm yo ekzije elajisman panse ak resous anplis. 
  • IRC ap kolabore avèk patenè federal li yo, ki enkli U.S. Department of Housing and Urban Development (Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini) avèk U.S. Department of Agriculture’s Rural Development Agency (Ajans Depatman Agrikòl pou Devlopman Riral Etazini) pou eksplore fon lojman siplemantè. IRC ap chache jwenn tou don charitab non-federal.

Pwosesis Relansman 

  • IRC ap fè sesyon preliminè pou wè kote jefò yo dwe konsantre epi pou asire fon yo ap distribye kote ki gen bezwen.
  • Kad Sipò pou Relansman enkli patenè onivo leta lokal, leta, ak tribi yo ansanm ak òganizasyon benevòl prive yo. Nouvo patenè yo kapab enkli enstans ki gen eksperyans nan lojman pèmanan, finansman, devlopman ekonomik, pledwari pou popilasyon defavorize yo epi ak planifikasyon kominotè lontèm.
  • Pwosesis relansman yo bezwen kapab manipilab pou adapte ak sitiyasyon yo. Jefò yo kapab dire sou plizyè mwa e menm ane.

Kad Sipò pou Relansman: 

 

  • Relansman Ekonomik: Administrasyon Devlopman Ekonomik, Depatman Komès;
  • Planifikasyon Kominotè ak Pwojè Ranfòsman Kapasite: FEMA;
  • Relansman Lojman: Depatman Lojman ak Devlopman Iben;
  • Sèvis Sosyal ak Sante: Depatman Sante ak Sèvis Imen;
  • Sistèm Enfrastrikti: Kò Ame Enjenyè yo; ak
  • Resous Natirèl ak Kiltirèl: Depatman Enteryè.

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559. Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la sou twitter.com/FEMARegion6.

 

                                                                        # # #

 

Tags:
Dènye mizajou