Pwopriyete Wout ak Pon Prive

Release Date:
Septanm 18, 2023

Si ou ap viv nan konte Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Manatee, Pasco, Pinellas, Sarasota, Suwannee oswa Taylor epi ou gen byen prive tankou wout oswa pon ki te domaje oswa kraze lakoz Siklòn Idalia, FEMA oswa Administrasyon Ti Biznis (Small Business Administration, SBA) ka repare oswa ba ou asistans finansye.

Asistans Endividyèl 

Yo ka itilize Sibvansyon Pwogram Endividyèl ak Kay yo pou repare domaj katastwòf la fè nan pwopriyete wout ak pon prive yo. Pou kalifye, sivivan dwe reponn ak tout kritè kalifikasyon bazik pou Pwogram Endividyèl ak Kay yo. Yo dwe se pwopriyete kay yo tou epi kay la dwe se kay kote yo abite.

 FEMA dwe fè yon enspeksyon pou kapab gade si li nesesè pou fè yon reparasyon pou veyikil kapab pase pou ale nan kay la. Anplis, moun ki aplike a dwe reponn ak omwen youn (1) nan kondisyon sa yo:

  • Wout ak/oswa pon an se sèl mwayen pou pase pou ale nan kay la. 
  • Pèsòn pa ka pase al nan kay lakoz domaj enfrastrikti.
  • Moun ki nan kay la kapab an danje paske yo ka bezwen yon sèvis veyikil pou ijans, tankou anbilans oswa kamyon ponpye, pa p kapab pase pou ale nan kay la. Sepandan, y ap konsidere sa sof si avan katastwòf la wout la te aksesib. 

Lè gen plizyè pwopriyetè kay ki pataje menm wout la, FEMA pataje asistans li ap bay la ak plizyè aplikan, sa ki mande plis kowòdinasyon ak dokiman ant FEMA ak chak aplikan.

Ale sou entènèt la sou DisasterAssistance.gov, telechaje FEMA App pou aparèy mobil yo oswa rele liy gratis la nan 800-621-3362. Liy yo ouvè chak jou soti nan 7 a.m. jiska 11 p.m. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Dat limit pou aplike a se 30 Oktòb 2023.

Yon prè Administrasyon Ti Biznis yo (Small Business Administration, SBA) Etazini yo pa la sèlman pou biznis yo. 

Administrasyon Ti Biznis, patnè federal FEMA pou rekiperasyon apre katastwof la, kapab tou ede. Biznis, òganizasyon ki pa pou fe pwofi (gen ladan l asosiyasyon yo) ak pwopriyetè kay yo kapab kalifye pou yon prè ak enterè pou reparasyon ak ranplasman ak amelyorasyon tè, asirans pa kouvri apre katastwòf la. Amelyorasyon sa yo e: yon wout oswa pon prive ki nesesè pou ale nan yon pwopriyete, reparasyon, elt. Pwopriyetè kay ki ap pataje wout ak pon prive ak lòt pwopriyetè kay kapab kalifye tou pou pre katastwòf SBA.

Biznis yo kapab tou aplike sou sit entènèt SBA ki sekirize nan disasterloanassistance.sba.gov/ela/s/. Pwopriyetè kay ak moun ki lwe kay ta dwe aplike an premye nan FEMA. Pou jwenn plis enfòmasyon rele 800-659-2955 oswa voye yo imèl nan DisasterCustomerService@sba.gov

Tags:
Dènye Mizajou