Avi Piblik: Pwojè Evalyasyon Anviwonmantal teren pou sit abitasyon Gwoup FEMA

Release Date:
Fevriye 4, 2021

BATON ROUGE, La. – FEMA te afiche yon avi piblik osijè disponiblite yon pwojè Evalyasyon Anviwonmantal teren (EA) prepare pou yon gwoup sit lojman pwopoze ki bezwen lojman akoz siklòn Laura.

FEMA te prepare yon Pwojè EA pou yon gwoup sit pwopoze ki konnen tankou Sit Lojman Gwoup Pine Shadows Golf Course (CU-5).  Aksyon ki pwopoze a gen ladan devlope yon sit apeprè 130-kawotè pou jiska 275 inite lojman tanporè transpòtab (TTHU) kap lokalize nan Pawas Lake Charles, Calcasieu. Aktivite yo ka gen ladan, lè sa nesesè, netwaye teren an, nivelaj, konstriksyon wout, mizanplas dal an beton, sèvis piblik (elektrisite, dlo ak egou), ak transpò ak enstalasyon TTHU yo sou teren an.

FEMA gen obligasyon pou l bay yon Avi Piblik pou Pwojè Teren Lojman Gwoup Pine Shadows Golf Course EA. Avi sa a bay ensktriksyon osijè kijan pou gen aksè nan Pwojè EA ak kijan pou bay kòmantè yo. Ou kapab wè Avi Piblik pou Pwojè EA isit la: FEMA Public Notice Pine Shadows.

Akoz ijans nati aksyon sa a ak bezwen pou bay solisyon lojman tanporè pou sivivan siklòn Laura, peryòd kòmantè piblik la ap limite nan twa jou.

Peryòd kòmantè piblik la ap kòmanse 6 Fevriye e lap fini nan 5 p.m. 8 Fevriye. Si yo pa resevwa okenn kòmantè enpòtan, Pwojè EA ak rezilta okenn enpak enpòtan pral vin final e yo pa pral fè okenn lòt avi piblik.

 

###

Tags:
Dènye Mizajou