Leson gratis sou kijan pou redwi pwochen risk grasa kontwòl dega

Release Date:
February 12, 2021

BATON ROUGE, La. – Edikasyon ak Sansibilizasyon Kominotè FEMA ofri seminè anliy gratis pou ede moun sila yo kit e afekte pa resan siklòn yo avèk rekiperasyon yo.

De pwochen seminè anliy yo pral fèt nan dat 16 ak 18 Fevriye nan 10:30 a.m. ak 6:30 p.m. Sijè yo se:

  • Eleve  Kay ou, sa ki gen ladan Kay Mobil
    • Espesyalis yo ap pale osijè kondisyon debaz yo pou elve yon kay oswa kay mobil epi diskite ki bilding ki kapab elve. (16 Fevriye)
  • Kontwòl dega debaz pou volontè yo
    • Espesyalis yo ap revize teknik kontwòl dega yo tankou debleye, demolisyon ak reparasyon avèk ajans volontè yo epi eksplike kijan itilizasyon teknik kontwòl dega lè wap repare oswa rebati kapab ranfòse kay yo kont pwochen katastwòf yo. (18 Fevriye)

Sesyon yo ap anrejistre e yo pral disponib nan lyen entènèt Kontwòl dega Louisiana: https://fema.connectsolutions.com/lamit si ou pa kapab patisipe.

Nou itilize Platfòm Adobe Connect pou sesyon sa yo.  Pou asire ou kapab patisipe, klike sou lyen ki annaprè a: https://fema.connectsolutions.com/common/help/en/support/meeting_test.htm.

Vizite Connect Event Catalog (connectsolutions.com) pou enskri pou seminè anliy yo.

Si ou gen nenpòt kesyon, tanpri rele  833-FEMA-4-US or 833-336-2487.

Oswa vizite paj entènèt FEMA Mitigation nan https://fema.connectsolutions.com/lamit/ oswa https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit/ pou Panyòl.

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite Louisiana Hurricane Laura (DR-4559-LA). Pou Siklòn Delta, vizite Louisiana Hurricane Delta (DR-4570-LA).  Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Zeta, vizite Louisiana Hurricane Zeta (DR-4577-LA) oswa swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou