Senk DRC ap fèmen lè dimanch nan Louisiana

Release Date:
October 3, 2020

Gichè chofè Sant Relans apre Dezas nan pawas Acadia, Caddo, Ouachita, Sabine ak Winn ap fèmen lè dimanch, kòmanse Dimanch, 4 oktòb.

27 oktòb se dat limit pou sivivan siklòn Laura yo anrejistre pou èd FEMA a. Sivivan ki poko  anrejistre yo ka anresjitre nan telefòn, sou entènèt oswa atravè smartphone yo:

  • Rele Sèvis Asistans FEMA a nan 800-621-3362 (TTY nan 800-877-8339).
  • Vizite disasterassistance.gov/.
  • Telechaje App Selilè FEMA a sou  fema.gov/about/news-multimedia/app oswa pou resevwa yon lyen nan mesaj tèks  sou yon aparèy Android, voye 2637643 (ANDROID) sou 4336 oswa sou yon aparèy Apple, voye 27753 (APPLE) sou 43362.

Moun ki sèvi ak yon sèvis relè tankou yon videofòn, Innocaption oswa CapTel ta dwe fè FEMA konnen ki nimewo espesifik yo dedye a sèvis sa a.

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 nan twitter.com/FEMARegion6.

 

Tags:
Dènye mizajou