FEMA Pwoteje Dwa Sitwayen pou Libète ak Egalite Sosyal ak Politik

Release Date:
January 12, 2021

BATON ROUGE, La. – Biwo Egalite pou Dwa Moun nan FEMA ap sèvi ajans lan avèk nasyon lè li sipòte yon espas travay ki san diskriminasyon avèk aksè san patipri nan pwogram ak sèvis FEMA yo pou tout sivivan dezas yo. Biwo sa a jere pwosesis administratif pou Opòtinite Travay Egalego (Equal Employment Opportunity (EEO)), pwogram travay afimatif, akomodasyon rezonab pou moun ki genyen andikap yo, avèk ranfòsman lwa federal sou dwa sivil yo.

Biwo Egalite pou Dwa moun nan ap mennen efò FEMA yo pou ankouraje jistis, entegrite, konpasyon avèk respè. Li kenbe kominote FEMA a annantye responsab pou fè sa ki bon. FEMA angaje li pou enspire egalite ak divèsite enklizif chak jou.

Biwo Egalite pou Dwa moun pou Divizyon Ekstèn Dwa Sivil nan FEMA (Equal Rights External Civil Rights Division (ECRD)) responsab pou garanti konfòmite avèk ranfòsman règleman dwa sivil ekstèn yo. Pou aprann plis sou lwa yo ki dèyè angajman sa a ak dwa piblik yo, vizite sitwèb: External Civil Rights Division | FEMA.gov.

Genyen yon videyo toukout sou sijè sa a ki disponib nan Lang Siy Ameriken sou sitwèb: Hurricane Laura: FEMA External Civil Rights Division PSA - Bing video.

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite sitwèb fema.gov/disaster/4559. Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, vizite sitwèb fema.gov/disaster/4570. Follow the FEMA Region 6 Twitter account at twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou