Pou jwenn konsèy sou reparasyon, pale ak yon espesyalis reparasyon, modènizasyon ak rekonstriksyon

Release Date:
November 2, 2021

Kounyea se moman pou ranfòse kay ou epi fè li rezistan ak katastwòf, anvan pwochen katastwòf la frape Louisiana.

Limitasyon an se pran mezi tousuit pou redui risk ki ap vini yo. Pou reponn ak bezwen sa, espesyalis limitasyon FEMA yo disponib nan telefòn, imèl oswa anliy pou ede sa ki vle aprann plis konsènan konstriksyon, rekonstriksyon ak reparasyon kay nan yon fason ki pi djanm epi pi sekiritè.

Espesyalis Limitasyon FEMA yo kapab:

  • Bay direktiv konsènan pwoteksyon kont dega van ak dlo kapab lakòz, tankou modènizasyon a ba pri ki kapab aplike nan moman reparasyon yo.
  • Eksplike valè, kouvèti, ak avantaj ki genyen nan asirans nan kad inondasyon pou pwopriyetè yo ak lokatè yo.
  • Bay konsèy sou chwa kontraktan yo ak elevasyon kay ou, aparèy ou yo ak sèvis piblik yo aprè yon katastwòf.
  • Ede ou transfòme defi ou genyen antanke pwopriyetè yo pou vin tounen opòtinite pandan w ap fè kay ou an pi rezistan!

Pou jwenn repons, direktiv, ak resous:

Pou jwenn dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida a, ale sou fema.gov/disaster/4611. Suiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 epi ba nou yon like sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou