Seminè anliy gratis sou rekiperasyon, rekonstriksyon ak Rediksyon danje

Release Date:
March 2, 2021

FEMA vle ede w avèk rekiperasyon w. pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè biznis yok a benefisye lè yo patisipe nan seminè anliy gratis la sou yon varyete sijè.

Sijè yo enkli:

  • Netwayaj apre katastwòf: Inondasyon ak domaj van, ansanm avèk remedyasyon mwazi:
     
  • Chwazi ak travay avèk kontraktè yo;
     
  • Itilize materyèl ki rezistan avèk dlo: Fè fas avèk inondasyon ak tiyo ki pete;
     
  • Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon [National Flood Insurance Program (NFIP)]: Kisa ou bezwen konnen;
     
  • Teknik pou redwi inondasyon: Teknik senp ou kapab itilize pou fè kay ou vin pi solid;
     
  • Teknik pou redwi van: Itilize sipò ak konektè yo. Piblikasyon pou gide reparasyon w, rekonstwi ak efò reparasyon; ak
     
  • Diminisyon debaz pou Volontè yo: Edikasyon Kominotè ak Sansibilizasyon (CEO) espesyalis yo ap pale avèk volontè yo sou teknik atenyasyon ak kijan pou kapab ansekirite nan efò yo pou ede lòt moun.

Pou pale avèk yon espesyalis CEO rele: 833-FEMA-4-US oswa 833-336-2487. Espesyalis yo  disponib Lendi– Samdi, 8 a.m. rive 6 p.m.

Espesyalis sa yo pral bay enfòmasyon sou kijan pou repare ak rebati pi ansekirite ak pi solid pandan seminè anliy sa yo.

Enskri nan: https://fema.connectsolutions.com/admin

Pou tout lòt demann yo, kontakte liy èd FEMA nan 800-621-3362. Si ou itilize TTY rele 800-462-7585.  Moun yo ki itilize yon sèvis relè tankou telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel ta dwe mete FEMA ajou avèk nimewo spesifik yo ki asiyen pou sèvis sa a.  Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou