Inondasyon Sanzatann: Prepare w pou Aji

Release Date:
Septanm 7, 2022

Gen inondasyon sanzatann lè anpil lapli tonbe twò vit epi pandan twòp tan pou tè a absòbe tout dlo sa yo. Rezidan Louisiana yo abitye ak loray. Men, si youn nan selil loray sa yo vin kanpe sou tèt yon zòn epi li lage yon gwo kantite lapli pandan plizyè èdtan, sa kapab lakoz yon seri inondasyon danjere ki fèt sanzatann ki menase lavi moun ak byen yo.

Koz yo

 

  • Sa ki lakoz pifò inodasyon ki fèt sanzatann yo se yon seri loray ki ap deplase tou dousman oswa ki vin kanpe, loray ki toujou ap deplase nan menm zòn oswa akoz gwo lapli siklòn ak tanpèt twopikal yo. Yon gwo lapli san rete kapab kreye yon inondasyon byen vit nan kèk èdtan oswa menm kèk minit, epi kapab gen plizyè kilomèt distans ant kote lapli tonbe a ak kote inondasyon an fèt la.
  • Gen plizyè faktè ki kontribye nan inondasyon sanzatann. De (2) eleman prensipal yo se fason lapli a tonbe fò (entansite lapli ki ap tonbe a) ak kantite tan lapli a fè ap tonbe (dire).
  • Pifò tè Louisiana yo se plèn ki plat. Sa lakoz pwoblèm drenaj dlo lè gen gwo lapli, tanpèt twopikal ak siklòn ann ete. Wout yo ak pakin yo pa kapab absòbe dlo ki dwe koule ale nan kanal ak nan bayou yo ki ranpli nèt. Lè yo pa netwaye bayou, kanal drenaj ak kote dlo pase yo pou yo retire debri tanpèt yo, sa kapab anpeche dlo a koule fasil.


Konsekans yo

 

  • Inondasyon ki fèt sanzatann yo kapab pote machin ale, rache pyebwa epi detwi kay ak pon. Yon pwofondè sis (6) pous dlo ki an mouvman sifi pou fè yon moun tonbe. Yon pwofondè de (2) pye dlo ki an mouvman kapab pote yon machin. Byen souvan, konn pa gen okenn siy anvan inondasyon sanzatann sa yo ki kapab touye moun. Pifò moun ki mouri nan inondasyon Ozetazini, se pandan inondasyon sanzatann yo.

 
Avètisman Inondasyon kont Alèt Inondasyon


Yon alèt inondasyon sanzatann vle di gen kondisyon ki reyini pou gen yon inondasyon sanzatann.
Yon avètisman inondasyon sanzatann vle di gen yon inondasyon ki fèt sanzatann oswa pral gen youn. 


ALÈT INONDASYON SANZATANN


Lè yo bay ALÈT pou inondasyon sanzatann, ou dwe veye siy inondasyon sanzatann yo epi pare pou ou evakye nenpòt moman.

  • Pa pakin machin ou toupre bayou, kanal, rigòl oswa lòt kote dlo pase yo.
  • Evite zòn ki kapab inonde yo, tankou zòn ki plat, kote ki ba ak kanal yo.
  • Fè atansyon ak dlo ki ap monte byen vit yo.

 AVÈTISMAN INONDASYON SANZATANN


Lè yo bay AVÈTISMAN pou inondasyon sanzatann nan zòn ou an, oswa tousuit ou rann ou kont gen yon inondasyon sanzatann ki kapab rive, aji byen vit pou sove lavi ou.

  • Si sa posib, deplase ale yon kote ki wo.
  • Evite zòn ki gentan inonde yo ak nenpòt zòn kote dlo a ap fè mouvman rapid.
  • Pa eseye travèse rigòl dlo ki an mouvman.
  • Si yo mande ou evakye, fè sa tousuit.
  • Kontinye siveye previzyon ak alèt meteyo--nan radyo, televizyon, oswa telefòn ou.

Kondui epi Inondasyon: Yon Konbinezon ki Danjere

 

  • Prèske mwatye lanmò ki rive nan tout inondasyon sanzatann yo gen rapò ak kondui. 
  • Si ou ap kondui pandan gen gwo lapli, fè atansyon ak kivèt ki inonde nan wout yo ak nan wout anba pon yo.
  • Pa eseye travèse yon wout ki inonde. Nou pa toujou kapab wè pwofondè dlo a, epi dlo a kapab menm kouvri wout la. Kase tèt tounen epi fè yon lòt wout.
  • Si yon machin pa kapab mache nan dlo ki wo, kite machin nan tousuit epi chèche yon teren ki pi wo. Dlo a ki ap monte byen rapid kapab kouvri machin nan epi pote li ale. 
     
Tags:
Dènye Mizajou