FEMA kontakte moun ki gen andikap, Fonksyonèl ak Aksè Bezwen

Release Date:
Janvye 11, 2021

FEMA angaje pou ede tout rezidan Louisiana yo ki te afekte pa siklòn Laura ak Delta. Sa a gen ladan bezwen asistans spesyalize. Direktiv FEMA gen entansyon pou asire ke moun yo ki gen aksè ak bezwen fonksyonèl resevwa asistans legal ak ekitab anvan, pandan, aka pre yon katastwòf oswa ijans sante piblik.

Senpleman mete, moun ki gen bezwen aksè ak fonksyonèl ki bezwen asistans akoz nenpòt kondisyon (tanporè oswa pèmanan) ki limite kapasite yo pou aji.  POu gen aksè ak bezwne fonksyonèl pa bezwen pou moun nan en nenpòt dyagnostik oswa evalyasyon spesifik.  

Moun ki gen bezwen aksè ak fonksyonèl, men ki pa limite nan, moun ki gen andikap, granmoun, ak popilasyon ki gen kapasite limite nan Angle, limite aksè pou transpòtasyon, ak/oswa limite aksè nan resous finansye pou prepare ak rekipere nan ijans lan.

Daprè Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi, 32.3% nan adilt yo nan Louisiana ou gen kèk kalite andikap.  Toutpatou nan eta ak nan peyi a FEMA bay akomodasyon nan chak etap nan pwosesis rekiperasyon an.

Jounal, radio, televizyon, medya sosyal, bwochi, otorite lokal yo, ak patnè sektè prive yo ape de pwopaje enfòmasyon enpòtan sou rekiperasyon nan plizyè lang.

Pou gade yon videyo kout kap eksplike akomodasyon yo FEMA ka bay, ale nan: FEMA Accessible: Answering Yes to the Disability Question When Registering for Assistance - YouTube.

Si yon moun pa t aplike pu asistans e li kapab bay yon rezon pour eta a, oswa si yo abite nan Pawas  Allen oswa Iberia kote anrejistreman toujou ouvè jiska 21 Fevriye, yo ka kalifye pou asistans FEMA. Moun sila yo ki te deja mete yon aplikasyon ka mete enfòmasyon  yo ajou pou satisfè bezwen yo. Kontakte FEMA lè ou:

Moun sila yo ki itilize yon sèvis relè tankou videyo telefòn, InnoCaption oswa  CapTel ta dwe alète FEMA kòm pou nimewo spesifik ki asiyen nan sèvis sa a.

Si ou resevwa yon lèt ki di yo te refize aplikasyon w, li lèt sa avèk anpil atansyon pou chèche konnen poukisa.  Li kapab senpleman ke enfòmasyon w pa t konplè.  Yon ti videyo kout kapab eksplike pwosesis la: https://www.youtube.com/watch?v=y5RgXQytqVg&list=PL720Kw_OojlJCg2nvX7uU18QQsi16LaFp###.

 

Si ou panse desizyon sa pa t bon, ou ka konteste l alekri.  Pou w jwenn enfòmasyon sou ki kote pou voye apèl la, oswa pou pou asistans, rele nimewo liy èd FEMA 800-62 1-3362 oswa TTY 800-462-7585. Avoka yo nan Liy dirèk Legal Katastwòf Siklòn Delta nan Louisiana, 1-866-418-8315, ka ede w ekri apèl la si ou bezwen èd epi si ou pa ka peye yon avoka.

Li enpòtan pou prepare anvan pwochen katastwòf la frape. Vizite Ready.gov pou w jwenn lide sou fason kay ou kapab fè yon plan.

Anvan pwochen tanpèt la, moun ki gen difikilte pou tande, ak moun ki soud yo ansanm avèk sila yo ki gen yon andikap sansoryèl ka egzamine “Preparasyon Fè sans pou moun ki gen andikap ak lòt aksè ak bezwen fonksyonèl,” “Preparing Makes Sense for People with Disabilities and Other Access and Functional Needs,” yon video FEMA prezante an Angle ak langaj siy.  Vizite https://www.youtube.com/watch?v=ZLLMDOScE4g.

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559.  Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570. Oswa, swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye Mizajou