Asistans Endividyèl FEMA

Release Date:
Septanm 5, 2023

Moun Florida ki fè pèt lakoz Siklon Idalia epi ki ap viv nan konte Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor yo kapab kalifye pou sibvansyon FEMA pou lojman tanporè, reparasyon debaz nan kay, pet pwopriyete pesonel ak kalifye pou lòt depans.

Ranbousman Frè Lojman

Selon pwogram Endivyèl ak Lojman FEMA, yo kapab ranbouse depans pou lojman yo si moun ki aplike a: 

  • Bay prèv li te ap viv nan yon rezidans prensipal non youn (1) nan konte yo mansyone yo.
  • Bay prèv pou montre li pa kapab abite nan rezidans prensipal la oswa li pa kapab gen aksè ak li lakoz Siklòn Idalia. 

Asistans pou Lwaye pou Kay Tanporèman

FEMA gen dwa kapab lwe kay, ak tout yon depo garanti, si tanpèt la fè w pa kapab viv nan kay prensipal ou a. Asistans y ap bay la gen ladan sèvis piblik ki esansyèl tankou elektrisite ak dlo.

Reparasyon ak Depans Pèsonèl

Pwogram asistans Endividyèl ak Kay sa la pou reponn ak bezwen debaz pou moun ki nan kay la, se pa pou restore tout byen pèsonèl yo pou yo vin jan yo te ye avan siklòn lan. 

  • Asistans Kay la kouvri reparasyon pati ki konpoze estrikti kay ou a. Tankou fenèt, pot, mi, plafon, amwa, sistèm chofaj, sistèm vantilasyon ak klimatizè, sèvis piblik (sistèm elektrisite, plonbri, ak gaz) ak antre prensipal yo. FEMA kapab ranbouse pou reparasyon oswa ranplasman sistèm chodyè, sistèm pi oswa fòs ou a.
  • Asistans pou Lòt Bezwen kapab bay pwopriyetè kay ak lokatè yo pou depans ki pa asire ki gen pou wè ak katastwòf la tankou:
  • Depans medikal ak dan; depans pou antèman ak antere mò a; reparasyon, pwòpte rad oswa ranplase rad; mèb oswa aparèy elektwomenaje; zouti espasyal ou itilize pou travay ou ap fè a; materyèl pou edikasyon ak pou bwote ak lòt depans ki nesesè ki gen pou wè ak Siklòn Idalia.
  • Machin oswa kamyon pèsonèl ki kraze lakoz katastwòf la
  • Ranbouse lajan ou te achte yon jeneratris pou kay prensipal ou ki te pran yon chòk elektrik lakoz Siklòn Idalia

Aplike pou FEMA

Ale sou entènèt la souDisasterAssistance.gov, rele 800-621-3362 soti 7 a.m pou rive 11 p.m, Lè Lès oswa itilize Aplikasyon Mobil Fema. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Dat limit pou aplike pou asistans FEMA se 30 Oktòb 2023. 

Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike pou jwenn asistans, ale souyoutube.com/watch?v= WZGpWI2RCNw.

Tags:
Dènye Mizajou