Èd FEMA Disponib nan Sant pou Asistans Fanmi (Family Assistance Center)

Release Date:
Jen 28, 2021

FEMA ap travay pèsonèlman avèk moun ki te siviv nan efondreman bilding nan Surfside la ansanm ak fanmi ki gen pwòch yo ki disparèt. Sivivan yo ansanm ak fanmi yo ka ale nan Sant pou Asistans Fanmi ki chita kò l nan Sea View Hotel nan 9909 Collins Avenue pou yo aplike pou èd FEMA a

Èd ki Disponib

  • ​Deklarasyon ijan prezidan an te fè nan dat 25 jen an otorize FEMA pou l ofri Pwogram pou Moun ak Fanmi yo bay moun ki te sisiv nan efondreman bilding Champlain Tower South la ki chita kò l nan 8777 Collins Avenue.
  • Sivivan, efondreman bilding nan te swa andomaje swa detwi kay prensipal yo, ka petèt elijib pou yo jwenn èd finansyè pou lojman tanporè ak pou pèt ki pa asire yo.
  • Èd finansyè a disponib tou nan kad pwogram Other Needs Assistance (Asistans pou Lòt Bezwen) lan pou ede ak depans finerè ansanm ak depans medikal, pèt ki pa asire ki fèt nan byen pèsonèl oswa veyikil, ansanm ak lòt depans nesesè ak bezwen ki grav katastwòf la lakoz.
  • Èd FEMA a pa vize repwodui èd yon moun jwenn nan yon asirans oswa nan men lòt sous tankou òganizasyon volontè yo.
  • FEMA pral ede tout aplikan ki elijib yo epi l ap distribiye enfòmasyon ak resous yo nan yon fason ki ekitab.

Kijan pou Aplike

  • FEMA ap travay pèsonèlman avèk sivivan yo; sivivan lokal yo pa bezwen rele oswa monte sou entènèt pou yo aplike pou èd FEMA a.
  • FEMA ap aksepte aplikasyon an pèsòn yo nan Sant pou Asistans Fanmi (Family Assistance Center) apati Lendi 28 jen an nan Sea View Hotel ki chita kò l nan 9909 Collins Avenue. 
  • Sant lan louvri soti 12 p.m. rive 5 p.m., pandan sèt jou nan semèn nan.
  • Sivivan ki t ap viv nan Champlain Tower South ak sila yo k ap chache jwenn èd pou fè fineray pwòch yo dwe ale nan Sant pou Asistans Fanmi (Family Assistance Center) an pou yo kapab aplike.
  • FEMA ka petèt founi asistans finerè bay moun ki te fè fas ak depans finerè oswa ki pral fè fas ak depans finerè yo. Sila yo k ap chache jwenn asistans finerè yo ka vizite Sant pou Asistans Fanmi (Family Assistance Center) an pou yo kapab aplike.
  • Nou ankouraje sivivan yo pou yo ale nan sant lan an pèsòn pou yo kapab jwenn aksè ak tout resous ki disponib yo. Gen yon seri ajans ak òganizasyon volontè ki disponib nan sant lan pou ede sivivan yo ak bezwen adisyonèl yo.
  • Moun ki abite nan Champlain Tower South ki te vwayje andeyò zòn imedya a kapab rele FEMA nan 800-621-3362 oswa TTY: 1-​800-462-7585 pou yo aplike.
Tags:
Dènye mizajou