Sibvansyon FEMA a P Ap Afekte Lòt Avantaj yo

Release Date:
October 20, 2022

Lè w aksepte yon sibvansyon FEMA li p ap afekte kalifikasyon w pou avantaj nan Sekirite Sosyal, Medicare, Medicaid, Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP) oswa lòt pwogram avantaj federal.

Sibvansyon pou katastwòf yo ede sivivan yo peye yon lojman tanporè, fè reparasyon ki esansyèl nan kay yo, ranplase byen pèsonèl ki esansyèl, ak lòt bezwen grav ki gen rapò ak katastwòf la epi ki pa gen pwoteksyon asirans oswa lòt sous.

Sivivan konte ki kalifye yo se Brevard, Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Glades, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lake, Lee, Manatee, Monroe, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St Johns ak Volusia, ki te sibi pèt ki pa gen asirans kapab aplike pou èd federal FEMA a.

Gen twa (3) fason pou aplike:

  1. DisasterAssistance.gov,
  2. Telechaje Aplikasyon FEMA a aparèy mobil yo,
  3. rele gratis nan 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè nan Lès. Èd la disponib nan pifò lang. Pou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou aplike, vizite: Twa (3) Fason pou Enskri pou Asistans FEMA pou Katastwòf - YouTube.

Dat limit pou aplike a se 28 novanm 2022.

Tags:
Dènye mizajou