Asistans FEMA pou Mezon Adorasyon

Release Date:
Oktòb 23, 2024

Pwogram Asistans Piblik (PA) FEMA a ka bay asistancs ak òganizasyon relijye ki bay popilasyon ki te afekte nan Siklòn Debby, Helene oswa Milton sèvis sosyal ki esansyèl yo.

Kit Mezon adorasyon yo bay sèvis sosyal ki gen gwo enpòtans oswa esansyèl, yo ka soumèt yon demann bay FEMA pou Asistans Piblik atravè Pòtay Sibvansyon yo, yon zouti jesyon rekiperasyon sou entènèt. Jesyonè ijans lokal ak/oswa eta ou kapab reponn nenpòt kesyon sou pwosesis la.

Mezon adorasyon òganizasyon san bi likratif ap dirije yo ki bay yon sèvis sosyal ki pa gen gwo enpòtans, tankou sant kominotè ak sant pou granmoun aje, dwe pase nan pwosesis aplikasyon pou prè a nan pwogram Asistans pou Katastwòf Administrasyon Ti Biznis Etazini yo (U.S. Small Business Administration, SBA) anvan FEMA ka detèmine kalifikasyon pou Pwogram Asistans Piblik ajans lan, ki ranbouse depans pou mezi pwoteksyon ijans, retire debri ak reparasyon oswa rekonstwi pwopriyete katastwòf la andomaje. Sepandan, kèk aktivite konsènan mezi pwoteksyon ijans ki te fèt nan preparasyon oswa kòm repons pou tanpèt la ka elijib san, oswa pandan y ap annatant, yon desizyon SBA.

Prè SBA pou katastwòf ak enterè ki ba yo bay jiska 2 milyon dola pou byen imobilye andomaje ak reparasyon oswa ranplasman pwopriyete, tankou mèb, enstalasyon ak lòt envantè ki elijib. Pou enfòmasyon sou asistans pou katastwòf nan men SBA, vizite SBA.gov/disaster oswa rele 800-659-2955.

FEMA ankouraje pwoteje enstalasyon ki andomaje sa yo kont evennman k ap vini nan pran mezi pou diminye danje pandan pwosesis rekiperasyon an.

Kalifikasyon:

Demann pou Asistans Piblik

Yo aksepte Demann pou Asistans Piblik yo (RPAs) nan men gouvènman eta, teritoryal, tribi ak lokal yo, ak kèk tip òganizasyon prive san bi likratif, tankou mezon adorasyon yo. 

Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou kalifikasyon ak dat limit yo sou sit entènèt Pwogram Sibvansyon Asistans Piblik.

Ki sa w ap bezwen pou ou aplike

  • Prèv estati franchiz taks federal oswa eta oswa lòt dokiman ki montre yon estati òganizasyon ki san bi likratif, tankou estati oswa atik òganizasyon. 
  • Prèv ki montre te gen yon òganzisyon/chat/règleman avan katastwòf la.
  • Yon nimewo Sistèm Nimewo Done Inivèsèl ki etabli ak gouvènman.
  • Dokiman sipò ki demontre kontra lwaye oswa pwopriyetè bildin nan, prèv itilizasyon, ak prèv asirans.
  • Si w rive kalifye, ou pral bezwen soumèt sa yo: Yon lis kote ki andomaje yo, foto avan ak apre; ak enfòmasyon sou nenpòt estrikti istorik. 
Tags:
Dènye Mizajou