FEMA ak Eta Florida ap Sipòte Sivivan Idila yo ak Solisyon Abri ak Lojman Tanporè

Release Date:
November 17, 2023

FEMA ak Eta FLorida ap travay pou asire moun Florida yo ki te gen kay yo ak pwopriyete yo andomaje nan Siklòn Idila gen kote ki an sekirite pou yo rete tanporèman pandan y ap kòmanse rekiperasyon yo.

Asistans Abri Tanporè Eta Florida

Divizyon Jesyon ijans Florida te anonse lansman FloridaRecovers.org pou bay asistans abri tanporè pou moun Florida ki afekte nan siklòn Idila. Pwogram nan ofri opsyon abri tanporè — tankou karavàn ak chanm otèl — pou fanmi bezwen yo pa satisfè atravè asirans oswa pwogram Asistans Endividyèl FEMA. Moun ki bezwen asistans abri Eta Florida dwe aplike pou Asistans Endividyèl FEMA anvan yo ranpli yon aplikasyon pou pwogram Eta a.

Pwogram sa a disponib pou jiska sis (6) mwa apati dat prezidan an fin deklare gen katastwòf la.

Asistans Dirèk pou lojman tanporè FEMA

FEMA te apwouve asistans Dirèk pou Lojman Tanporè pou nèf (9) konte: Dixie, Gilchrist, Hamilton, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Suwannee ak Taylor. Pwogram sa mete plizyè solisyon lojman pwovizwa pou sivivan katastwòf yo. Li pran tan pou transpòte, otorize, enstale epi enspekte inite sa yo anvan yo disponib pou lokatè e se poutèt sa asistans abri tanporè eta se yon pon esansyèl pou rekiperasyon.

FEMA ka ofri Inite Lojman Tanporè tankou karavàn oswa kay mobil. Inite sa yo se pwopriyete FEMA, yo mete yo sou teren prive ak nan pak komèsyal yo. Okipan yo ka elijib pou rete nan inite sa yo FEMA bay la pou jiska 18 mwa apati dat deklarasyon katastwòf la pandan y ap chèche opsyon lojman pèmanan. Pou aplikan ki elijib yo, yo ka mete inite sa yo tanporèman nan zòn espesyal ki gen risk pou inondasyon kòm dènye rekou si pa gen lòt opsyon ki disponib. 

FEMA bay tou asistans pou lokasyon pou sivivan ki elijib yo pou lwe tanporèman yon kote pou yo viv.

Pou aplike pou asistans FEMA, rele liy gratis la nan 800-621-3362, ale sou entènèt la sou DisasterAssistance.gov, telechaje Aplikasyon FEMA pou aparèy mobil yo oswa ale nan Sant Rekiperasyon Katastwòf la. Liy telefòn nan ouvè chak jou soti nan 7 a.m. jiska 10 p.m, Lè Lès Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Tags:
Dènye mizajou