Uit Konsèy pou Fè Apèl yon Lèt Detèminasyon FEMA

Release Date:
January 24, 2023

Uit Konsèy itil pou konteste yon desizyon FEMA

Men kèk konsèy pou ede ekri yon lèt kontestasyon ak siksè:

Konsèy 1: Konnen dat limit ou

Ou gen 60 jou apati dat lèt detèminasyon FEMA w la pou w soumèt kontestasyon w lan. Ansèkle dat limit la sou kalandriye w la oswa ekri yon nòt epi mete l sou frijidè w oswa konsòl machin ou. Depi FEMA revize kontestasyon w la, ou ka resevwa yon apèl nan telefòn oswa yon lèt swivi pou mande plis enfòmasyon.

Konsèy 2: Konprann poukisa FEMA te detèmine ou pa elijib anvan ou ekri kontestasyon ou an

Ou ka pa dakò ak sa men analize poukisa FEMA detèmine ou pa kalifye. Souvan, li se yon bagay ki senp tankou manke dokiman oswa enfòmasyon. Li lèt FEMA a depi kòmansman rive nan fen epi wè sa ajans lan bezwen nan men ou.

Konsèy 3: Mete dokiman pou sipòte kontestasyon w la

Yon lèt kontestasyon poukont li ka pa ase pou fè FEMA reevalye desizyon li pran an. Konsidere mete dokiman pou sipòte rezon ou fè kontestasyon an. Li enpòtan pou bay nenpòt dokiman FEMA mande. Men kèk egzanp:

  • Dokiman ki soti nan konpayi asirans ou a ki montre kouvèti asirans ou ak/oswa règleman ou a pa ase pou fè reparasyon esansyèl lakay ou, bay yon kote pou rete, oswa ranplase sèten kontni. FEMA pa kapab bay pwopriyetè kay oswa lokatè menm avantaj ke yo deja resevwa nan men yon konpayi asirans.
  • Prèv lojman: Yon kopi bòdwo sèvis piblik, yon lisans chofè oswa kontra lwaye ki montre kay ki andomaje a oswa pwopriyete lokasyon an se te rezidans prensipal ou anvan siklòn Ian oswa Nicole.
  • Prèv pwopriyetè: Dokiman ipotèk oswa asirans, resi taks oswa yon papye kay. Si dokiman ou yo te pèdi oswa detwi, vizite usa.gov/replace-vital-documents pou jwenn enfòmasyon sou fason pou ranplase yo.

Konsèy 4: Mete nimewo aplikasyon asistans pou katastwòf FEMA ou a sou chak paj dokiman ke wap voye yo avèk kontestasyon ou an

Tanpri ekri nimewo katastwòf la ak nimewo aplikasyon FEMA w la, ak nimewo paj sou chak paj lèt kontestasyon ou bay FEMA ak nenpòt dokiman ke ou soumèt yo. FEMA resevwa anpil dokiman ak chak kontestasyon; ekri nimewo aplikasyon w lan sou chak paj ou soumèt yo ede w òganize dosye w la.

Konsèy 5: Ou pa ka ekri kontestasyon w lan pou kont ou? Otorize yon moun ekri li pou ou

Si ou pa kapab ekri yon lèt kontestasyon pou kont ou, mande yon moun pou l ekri l pou ou. Li ka yon moun lakay ou, yon zanmi oswa yon avoka. W ap bezwen bay FEMA yon deklarasyon ki siyen ke moun ki ekri l la gen otorizasyon pou konteste nan non w.

Pou plis enfòmasyon sou pwosesis kontestasyon FEMA a oswa sou otorizasyon yon twazyèm pati pou aji nan non w, rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. ET. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a.

Konsèy 6: Voy pa lapòs oswa faks lèt kontestasyon ou siyen an

Voye pa lapòs oswa faks kontestasyon w la nan 60 jou apati dat ki sou lèt detèminasyon FEMA ou a:

  • Adrès lapòs: FEMA, P.O. Box 10055, Hyattsville, MD 20782-8055
  • Pa faks: 800-827-8112, Attention: FEMA

Konsèy 7: Telechaje lèt kontestasyon ou an ak dokiman sipò w yo sou kont pèsonèl FEMA sou Entènèt ou

Pou kreye yon kont FEMA sou Entènèt oswa pou w telechaje dokiman sou Entènèt, vizite DisasterAssistance.gov epi klike sou "Tcheke Stati ou". Swiv enstriksyon òdinatè yo.

Konsèy 8: Atann yon desizyon nan 90 jou

Ou te soumèt yon lèt kontestasyon ki siyen epi mete nimewo aplikasyon inik ou a sou chak dokiman ou voye yo. E Annapre? Petèt yon apèl oswa yon lèt ke FEMA ap mande plis enfòmasyon. Genyen tou yon chans FEMA ka deside ou kalifye pou yon lòt enspeksyon kay. Oswa ou ka senpleman resevwa desizyon FEMA a nan 90 jou apre FEMA resevwa kontestasyon w la.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info, fema.gov/disaster/4673 ak fema.gov/disaster/4680. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou