Liy asistans, Sant Rekiperasyon pou Katastwòf yo ap Fèmen pou Thanksgiving

Release Date:
November 24, 2021

FEMA ap mete fen ak aktivite nan twa Sant Rekiperasyon fiks ki rete pou Katastwòf yo nan New York akòz Thanksgiving lan. Liy asistans FEMA an pral fèmen tou pou jou ferye yo. Twa sant yo ak Liy Èd la pral reprann aktivite yo Vandredi, 26 Novanm.

Sinistre Katastwòf lan toujou genyen jiska Lendi, 6 Desanm, pou aplike pou asistans nan FEMA menm si yo pa bezwen vizite yon sant rekiperasyon pou yo aplike. Ou kapab aplike oswa mete ajou enfòmasyon ou yo nan DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA oswa rele nan Liy asistans FEMA nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Operatè Liy asistans yo disponib soti 7 a.m pou 11 p.m. chak jou. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou w jwenn yon entèprèt ki pale lang ou an.

Liy asistans FEMA pral fèmen pou Thanksgiving epi relouvri nan 7 a.m. Vandredi, 26 Novanm.

Nan sant rekiperasyon yo, ou kapab rankontre ak ekip FEMA a ak reprezantan lòt ajans federal ak leta yo epi kapab jwenn èd pou telechaje dokiman ou yo.

Lè fonksyonman sant lan epi anplasman sant lan site anba a:

Konte Nassau

Sant Aktivite Fizik nan Pak Michael J. Tully.
1801 Evergreen Ave.
New Hyde Park, NY 11040

Lè fonksyonman: 10 a.m. pou 6 p.m. Mèkredi, 24 Novanm epi Vandredi, 26 Novanm

Fèmen Jedi, 25 Novanm

Konte Queens

Inivèsite Queens

152-45 Melbourne Ave.

Queens, NY 11367

Lè fonksyonman: 10 a.m. pou 6 p.m. Mèkredi, 24 Novanm epi Vandredi, 26 Novanm

Fèmen Jedi, 25 Novanm

Konte Westchester

Bibliyotèk Piblik Mamaroneck

136 Prospect Ave.

Mamaroneck, NY 10543

Lè fonksyonman: 10 a.m. pou 12: 30 p.m. Mèkredi, 24 Novanm epi 10 a.m. pou 4: 30 p.m. Vandredi, 26 Novanm

Fèmen Jedi, 25 Novanm

 

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl sou efò pou rekiperasyon nan New York lan, ale sou fema.gov/disaster/4615. Swiv FEMA sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion2 epi sou Facebook nan www.facebook.com/fema

Tags:
Dènye mizajou