Sant Rekiperasyon Dezas

Release Date:
October 18, 2022

Sant Rekiperasyon Dezas yo bay sivivan yo enfòmasyon ki soti nan ajans eta Florid yo, FEMA ak U.S. Small Business Administration. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Sèvis entèpretasyon ak materyèl tradwi yo disponib nan sant yo pou ede w kominike nan lang ou santi w pi alèz la. Yo chwazi zòn yo pou aksè yo, ak objektif pou rive jwenn plis moun posib.

Sant yo louvri chak jou.

Pou jwenn yon sant, ale sou Entènèt fema.gov/drc oswa voye tèks “DRC” ak Kòd Postal ou a nan 43362.

Nan yon Sant Rekiperasyon Dezas, ou kapab:

  • Aprann sou pwogram èd pou dezas yo.
  • Aplike pou èd pou dezas.
  • Verifye stati aplikasyon FEMA w la.
  • Jwenn èd pou konprann avi oswa lèt FEMA yo.
  • Jwenn enfòmasyon asistans lojman ak lokasyon.
  • Jwenn rekòmandasyon pou ajans ki ofri lòt asistans.
  • Rankontre ak yon reprezantan US Small Business Administration (SBA).
  • Rankontre ak reprezantan ajans leta yo.
Tags:
Dènye mizajou