Asistans pou Bezwen ki Enpòtan Anpil yo

Release Date:
Septanm 4, 2023

FEMA kapab founi asistans finansye bay moun ki aplike pou Siklòn Idalia ki gen bezwen ann ijans oswa ki enpòtan anpil paske yo te deplase kite lojman prensipal yo.


Bezwen ann ijans oswa ki enpòtan anpil yo se atik ki kapab sove lavi ak kenbe lavi moun, w ap jwenn dlo, manje, premye swen, preskripsyon, lèt fomila, daypè, bagay medikal ki konsomab, ekipman medikal dirab, atik pou ijyèn pèsonèl ak gaz pou transpò.

Asistans pou Bezwen ki Enpòtan Anpil yo se sèlman $700 y ap bay nan chak kay.

Moun ki aplike yo kapab kalifye pou Asistans pou Bezwen ki Enpòtan Anpil yo si yo:

Kijan pou w Aplike pou Asistans FEMA an

Gen plizyè fason pou ou aplike: Ale sou entènèt la souDisasterAssistance.gov, telechaje FEMA Apppou aparèy mobil yo oswa rele liy gratis la nan 800-621-3362. Liy yo ouvè chak jou soti nan 7 a.m. jiska 11 p.m. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike, ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Tags:
Dènye Mizajou