Ogmantasyon Chèn Lojistik Liy Efò

Release Date:
Me 18, 2020

Ogmantasyon pwodiksyon an se yonn nan bagay ki fè pati kat (4) volè estrateji pou yo ka rann chèn lojistik la estab yon fason pou yo ka konbat pandemi maladi kowonaviris KOVID-19 (COVID-19) la. Nou konsantre chèn lojistik efò a sou ogmantasyon kapasite pwodiksyon endistri manifakti nan sa ki konsène pwodiksyon materyèl medikal ak ekipman medikal ki esansyèl nou bezwen pou nou ka pote viktwa sou pandemi an epi pou nou ka fè Peyi nou an vin pi fò epi pou nou ka fè l vin pi prepare pou lòt bezwen k ap vini yo.

Gwoup Travay Chèn Lojistik la ap travay ak antrepriz pwodiksyon U.S yo pou yo ka ogmante òf la san pran tan, pou yo ka ogmante pwodiksyon lokal resous ki esansyèl yo san pran tan epi pou yo ka ogmante òf alontèm nan san pran tan nan itilize de (2) apwòch:

  1. Ogmante kapasite materyèl medikal ki disponib ak kapasite pwodiksyon ekipman ki disponib; epi 
  2. Chache konnen si genyen opòtinite kreyasyon nan sektè prive a pou nou ka bay kapasite pwodiksyon materyèl medikal la jarèt nan sèvi ak pwodiktè ki pa tradisyonèl.

Egzanp Efò Nan Ogmantasyon Pwodiksyon

  • Li reponn ak egzijans leta a fè pou gen plis ekipman pwoteksyon pèsonèl nan siyen kontra ak twa (3) pwodiktè tekstil pou yo pwodui 88.6 milyon blouz pwoteksyon nivo 1 yo ka revitalize.
  • Li mete yon pwodiktè U.S ak asosiyasyon komèsyal yo anrelasyon pou yo ka asosye yo epi pou yo ka ogmante kapasite pwodiksyon dezenfektan men.
  • Li rann yon inisyativ tèt ansanm ant yon pwodiktè medikal U.S. ak yon detayan (kòmèsan ki vann andetay) vin pi fasil pou yo ka bay sektè prive a 8.4 milyon blouz pwoteksyon nan twa (3) mwa.
  • Li bay plizyè pwodiktè ki pa pwodiktè medikal èd sa ki pèmèt yo vin anmezi pou yo reyòganize enstalasyon ki disponib yo pou yo ka kreye plizyè milyon mask.

Mwayen pou yo Ogmante Pwodiksyon

Idantifye Opòtinite ki Genyen pou Inovasyon Ameriken

Gwoup Travay Chèn Lojistik la kolabore ni ak pwodiktè materyèl medikal tradisyonèl ki anplas yo ni ak pwodiktè ekipman medikal tradisyonèl ki anplas yo, li kolabore ak lòt antrepriz pwodiksyon ki gen ni materyèl ki nesesè yo, ki gen ni mendèv ki nesesè yo, oubyen ki gen kapasite pwodiksyon endistriyèl ki nesesè menm jan an tou. Lè Gwoup Travay Chèn Lojistik la travay nan tèt kole ni ak pwodiktè materyèl medikal tradisyonèl yo ni ak pwodiktè ekipman medikal tradisyonèl yo, sa pèmèt li itilize konesans li genyen sou antite nan sektè prive a li fè esperyans avèk yo pou l ka idantifye nouvo mwayen pou l ogmante kapasite pwodiksyon Ameriken an nan fè vantilatè, nan fè ekipman pwoteksyon pèsonèl, epi nan fè lòt pwodui ki esansyèl. Pandan pwodiktè materyèl medikal tradisyonèl yo ak pwodiktè ekipman medikal tradisyonèl yo ap ogmante kapasite pwodiksyon entèn yo, yo travay deyò òganizasyon pa yo tou, nan ede lòt antrepriz nan reyòganize efò y ap fè pou yo ogmante materyèl pwodiksyon yo anjeneral.

Yo angaje pwodiktè Ameriken ki pa medikal ki nan domèn otomobil, ki nan domèn mòd, ki nan domèn teknoloji, epi ki nan lòt domèn pwodiksyon nan inisyativ ogmantasyon pwodiksyon yo tou nan kad efò y ap fè pou yo ka rann chèn lojistik la estab. Genyen anpil antrepriz pwodiksyon ki nan tout peyi a ki reponn apèl yo fè yo pou yo vin bay sèvis epi yo ap reyòganize enstalasyon yo pou yo ka kòmanse pwodui ekipman medikal ki esansyèl epi pou yo ka kòmanse pwodui lòt materyèl medikal ki esansyèl.

Fason Nou Ka Favorize Relasyon

Nan pèmèt sektè prive a kreye nouvo kapasite pwodiksyon epi nan pèmèt li devlope nouvo patenarya ni ak pwodiktè materyèl medikal tradisyonèl ni ak pwodiktè ekipman medikal tradisyonèl ni ak antrepriz pwodiksyon ki pa medikal pou nou ka rezoud pwoblèm chèn lojistik la ki se yon proyorite. Patenarya sa yo pèmèt nou gen konesans ki espesyal sou lamedsin, yo pèmèt nou gen konesans ki espesyal sou pwodiksyon ki pi bon an, epi li pèmèt nou gen konesans ni sou modèl distribisyon ni sou modèl lojistik.

Kolaborasyon ant Sektè

Na kad entèvansyon k ap fèt sou plan nasyonal pou sa ki konsène KOVID-19 (COVID-19) la, Depatman Defans (DoD, Department of Defense) lan kreye yon platfòm endistri ki konplè pou pwodiktè ki fè materyèl pwoteksyon yo, pou antrepriz ki nan sektè prive a, ak pou inivèsite yo pou yo ka pataje lide ki nouvo ak ajans federal yo pou yo ka lite kont kowonaviris la. Nou reswete ni lide ni solisyon ki sòti bò kote tout sektè. Pou w ka pataje lide, ale sou Platfòm Endistri KOVID-19 (COVID-19 Industry Portal) la.

Patenarya Asosiyasyon Endistri

Sektè komès ameriken, sektè pwodiksyon ameriken, sektè tekstil ameriken, sektè otomobil ameriken, ak asosiyasyon lòt sektè yo se patenè ki enpòtan. Gwoup sa yo mande patenè pa yo pou yo idantifye opòtinite pou antrepriz ki gen faktori ki p ap fonksyone aktyèlman oubyen ki ap fonksyone aktyèlman ki gen pi piti pase kapasite ki konplè pou yo reyòganize pwosesis pwodiksyon pa yo epi pou yo ka kòmanse ede ni nan pwodiksyon materyèl medikal ki esansyèl ni nan pwodiksyon ekipman medikal ki esansyèl nan kad efò y ap fè pou yo lite kont KOVID-19 (COVID-19) la.

Patenarya Sektè Prive

Efò ogmantasyon an favorize relasyon kolaborasyon ki genyen ni ant pwodiktè materyèl medikal tradisyonèl yo ni ant pwodiktè ekipman medikal tradisyonèl yo ni ant lòt kalite antrepriz ki gen kapasite pwodiksyon. Modèl sa a fè siksè nan ogmantasyon materyèl vantilatè, li fè siksè nan ogmantasyon materyèl respiratè N95, epi l fè siksè nan ogmantasyon lòt pwodui esansyèl ki nesesè lè endistri prive yo travay ansanm.

Fason Nou elimine Obstak

Ogmantasyon chèn lojistik pou pwodui ki esansyèl yo konsantre sou yon nesesite: bay antrepriz ameriken yo mwayen pou yo ka pran devan nan ogmantasyon materyèl ki esansyèl ak nan ogmantasyon distribisyon pwodui ki esansyèl yo. Lè sa nesesè, yo mobilize otorite piblik yo ak resous piblik yo pou yo ka ede antrepriz ki nan sektè prive a ogmante kapasite pwodiksyon pa yo.

Èd Gouvènman

Lè sa nesesè, ekip la travay ak patenè entè-esntitisyon ki nan FEMA yo, li travay ak Depatman Sante ak Sèvis Sosyal (HHS, Department of Health and Human Services) la, DoD, epi l travay ak lòt enstitisyon ankò pou l ka detèmine ki èd gouvènman an ka bay pwodiktè ki enterese bay kontribisyon pa yo ni nan bay pwodui ki esansyèl ni nan distribye yo pou yo ka ede nan efò y ap fè pou yo lite kont KOVID-19 (COVID-19) la.

Konpayi ameriken ki gen pwodui oubyen ki gen kapasite pwodiksyon yo, oubyen sila yo ki ka ogmante kapasite pwodiksyon yo, ka depoze demand sou platfòm COVID-19 Joint Acquisition Task Force .la Kote sa a, gen yon ekip pwofesyonèl acha ki nan lame epi ki fè pati ajans DoD yo k ap mete founisè ki fyab yo an kontak ni ak FEMA ni ak HHS pou yo ka priyorize travay yo.

 Èd Nan Oryantasyon ak Èd nan Kontwòl

Administrasyon Manje ak Medikaman (FDA, Food and Drug Administration) an sèvi ak pouvwa kontwòl li genyen an anpil pou l ka ede yo lite kont pandemi KOVID-19 (COVID-19) la. Ajans lan pibliye anpil dokiman sou oryantasyon ki bay règleman fleksib ki sible èd nan inovasyon pwodui medikal ak èd nan pwodiksyon materyèl ni pou yo ka jwenn tras KOVID-19 (COVID-19) la ni pou yo ka trete l, ansanm ak politik ki abòde ni kesyon kreyasyon tès depistaj ni kesyon pwodiksyon tès depistaj, ki abòde kesyon pwodiksyon dezefektan men, ki abòde kesyon pwodiksyon vantilatè, ki abòde kesyon pwodiksyon mask, ki abòde kesyon pwodiksyon blouz, epi ki abòde kesyon pwodiksyon lòt materyèl medikal ki esansyèl. FDA sèvi ak otorite l genyen nan bay Otorizasyon Pou Itilizasyon Ijan (Emergency Use Authorizations) pou l ka rann itilizasyon ni mezi ki gen rapò ak medikaman ki disponib ni mezi ki gen rapò ak ijans medikal pi fasil, ata nan bay EUA yo èd nan respiratè N95, nan ba l èd nan blouz, nan ba l èd nan gan, epi nan ba l èd nan plis bagay toujou. FDA pibliye enfòmasyon ki fasil pou moun jwenn pou pwodiktè yo tou sou fason pou yo ogmante liy pwodiksyon oubyen sou lòt sit pou moun ka fè plis pwodui ki esansyèl.

Lwa sou Finansman Pou Èd Konsènan Kowonaviris, Konsènan Sekou ak Sekirite Ekonomik

Lwa Sou Kowonaviris Konsènan Èd, Konsènan Sekou Ak Sekirite Ekonomik (CARES, Coronavirus Aid, Relief and Economic Security) la bay lòt resous ki vize ni achte mwayen ni bay mwayen pou yo ka ogmante pwodiksyon pwodui ki esansyèl yo nan kad konba y ap mennen kont KOVID-19 (COVID-19) la. Yo fè kòdinasyon depans lan nan gouvènman an pou yo ka asire yo tout resous yo achte yo se resous ki nesesè nan entèvansyon U.S. la sou plan lokal. Gen lòt enfòmasyon ki disponib konsènan Lwa finans CARES la la a.

Lwa Sou Pwodiksyon Defans

Lwa Sou Pwodiksyon Defans (DPA, Defense Production Act) ka ankouraje antrepriz ameriken yo ni nan mete aksan sou resous sante ki esansyèl yo ni nan mete aksan sou pwodui medikal ki esansyèl yo, n ap fè rechèch sou tout bagay sa yo epi n ap analize yo nan kad Ogmantasyon efò a. Itilizasyon otorite DPA pou evaliyasyon bagay ki priyorite satisfè yon bezwen ki esansyèl sou plan lokal nan deplase kontra gouvènman federal pou materyèl ki esansyèl yo pou l mete yo “nan tèt lis la” pou yo ka egzekite yo avan lòt kòmand yo. DPA ka bay èd nan ankouraje pwodiksyon tou nan bay pwodiktè lokal yo resous yo bezwen pou yo achte machin oubyen pou yo achte lòt espas travay. Pou yo ka konbat KOVID-19 (COVID-19) la, Lwa CARES la bay finansman pou l ka ankouraje pwodiksyon sa yo. Pou fini, DPA pèmèt gouvènman Federal la kominike ak reprezantan endistri yo epi l apwouve ni kontra volontè yo ni plan aksyon volontè yo pou l ka satisfè bezwen defans nasyonal la. 

Gen lòt enfòmasyon sou lwa defans pwodiksyon an ki disponib la a.

Tags:
Dènye Mizajou