Si kay ou a te domaje lakoz Siklòn Idalia men ou kapab viv ladan l an sekirite, FEMA kapab ba w yon sèl kou jiska $300 pou asistans finans pou kapab ede w netwaye. Asistans sa se pou pwopriyete kay ak lokatè ki kalifye.
Ou ka kalifye pou asistans FEMA si ou reponn ak kritè sa yo:
- Kay prensipal ou a avan katastwòf la dwe te nan konte sa yoCitrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee oswa Taylor yo .
- FEMA te fè yon enspeksyon nan kay ou a pou verifye si katastwòf la te fè dega, oswa si ou se yon lokatè, nan enspeksyon an yo te wè gen bezwen pou netwayaj fèt nan kay la oswa gen netwayaj ki gentan fèt.
- Si ou gentan netwaye kay la, sere resi founiti, materyèl oswa moun ou te peye pou netwaye yo.
- Asirans ou an pa kouvri dega.
- FEMA di ou kapab rete nan kay katastwòf la fè dega ladan l lan, li sekirize.
- Sivivan ki aplike pou FEMA kapab kalifye tou pou lòt fòm asistans federal apre Asistans pou Netwayaj ak Dezenfekte yo.
Kijan pou w Aplike pou Asistans FEMA an
Gen plizyè fason pou ou aplike: Ale sou entènèt la souDisasterAssistance.gov, telechaje FEMA Apppou aparèy mobil yo oswa rele liy gratis la nan 800-621-3362. Liy yo ouvè chak jou soti nan 7 a.m. jiska 11 p.m. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike, ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.