Fè Apèl kont Desizyon FEMA pran sou yon Aplikasyon pou Asistans ou te Soumèt

Release Date:
February 24, 2022

Si w te resevwa yon lèt FEMA ki di ke enfòmasyon ou bay yo pa konplè oswa ou pa kalifye pou w resevwa asistans pou katastwòf, ou gen dwa fè apèl kont desizyon an nan lespas 60 jou ki kòmanse apati dat ki sou lèt la.  Yon apèl se yon demann ou fè alekri pou nou revize dosye w la ankò epi pou nou konsidere nenpòt enfòmasyon adisyonèl ou te bay ki ka afekte desizyon an. Si sa ta pran plis pase swasant jou, tanpri mete rezon ki fè ou depoze apèl ou a an reta a.  

Yon lèt kontestasyon ou voye ba nou kapab chanje desizyon FEMA a.  Si lèt FEMA voye ba ou a di nou te refize demann ou an paske w te manke bay kèk enfòmasyon, depi w bay dokiman ki nesesè yo sa ka ede w kalifye pou w jwenn yon sibvansyon.  Oswa, si ou pa dakò ak kantite lajan ou resevwa kòm sibvansyon an, depi w ba nou yon resi oswa yon devi ekri sa ka pèmèt ou resevwa yon pi gwo sibvansyon.

Ekri lèt ou a

Ou dwe fè yon apèl nan fòm yon lèt aplikan an siyen, nan lespas 60 jou k ap kòmanse apati dat ki sou lèt desizyon an. Asire w ou mete bagay sa yo nan yon apèl:

  • Eksplike poukisa ou pa dakò ak desizyon an
  • Nimewo enskripsyon aplikan an (sou chak paj)
  • Nimewo deklarasyon katastwòf FEMA a – DR-4611 (sou chak paj)
  • Sonje siyen lèt la epi mete dat sou li
  • Mete ladan l nenpòt enfòmasyon ak dokiman sipò nou mande

FEMA ap revize kontestasyon w lan ak nenpòt dokiman ou te bay pou nou pran yon nouvo dezisyon nan lespas 90 jou.  Pafwa nou konn fè yon lòt enspeksyon. Si nou bezwen plis enfòmasyon, n ap kontakte ou. Depi nou fin revize apèl la – ki gen ladan l apèl verifikasyon ou bay kontraktè yo oswa lòt moun – n ap pran yon desizyon sou apèl ou a.

Si se yon lòt moun ki depoze apèl la pou ou, ou dwe soumèt yon deklarasyon ki siyen tou, pou w bay moun sa a otorite pou l reprezante w.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis kontestasyon FEMA a, ki gen ladan l enstriksyon nan Lang siy Ameriken, vizite FEMA Answers:  Questions on the Appeals Process (Kesyon sou Pwosesis Apèl la) 

Kijan pou w voye kontestasyon w lan 

Ou ka kreye yon kont FEMA sou entènèt epi telechaje dokiman yo. Ale sou Disasterassistance.gov, klike sou “Tcheke Aplikasyon Ou ak Konekte” epi swiv enstriksyon yo. 

Ou ka voye yon lèt nan FEMA tou:

Ofisye ki Responsab Kontestasyon

National Processing Service Center (Sant Nasyonal Sèvis Tretman)

P.O. Box 10055

Hyattsville, MD 20782-7055

Pou w fini, ou ka voye lèt ou a pa faks nan 800-827-8112 ak yon paj kouvèti ou adrese pou:  Atansyon - Ofisye ki Responsab Kontestasyon nan FEMA.

 

Tags:
Dènye mizajou