Kesyon Yo Poze Souvan yo sou Asistans Finerè

alert - warning

Peryòd ensidan COVID-19 la te fini 11 Me 2023. FEMA ap kontinye bay fasistans fineray jiska 30 septanm 2025, pou moun ki pèdi moun ki chè pouyo akòz pandemi sa a.

Repons pou Kesyon Moun Poze Souvan yo

alert - warning

Yo pa p aksepte okenn aplikasyon anliy.

Lè ou rele, li pral pran 20 minit pou aplike, e ou ka mande kesyon ak resevwa èd ou bezwen an avèk pwosesis aplikasyon an.

Depi ou fin aplike pou Asistans Fineray COVID-19 epi resevwa nimewo aplikasyon FEMA w, ou ka soumèt dokimantasyon ki obligatwa a nan FEMA nan diferan fason:

  • Telechaje dokiman yo nan kont DisasterAssistance.gov ou
  • Fakse nan:  855-261-3452
  • Voye pa lapòs nan: P.O. BOX 10001, Hyattsville, MD 20782

Direktè Fineray yo pa gen yon responsablite legal pou ede avèk Asistans Fineray COVID-19. FEMA ka rele mezon finèb respektiv la pou verifye resi oswa depans yo yon aplikan te soumèt.

Non. Seksyon 408(e)(1) nan Lwa sou Asistans Ijans ak Soulajman nan Katastwòf Robert T. Stafford (Lwa Stafford) pa rekonèt mezon finèb oswa lòt biznis yo kòm benefisyè elijib nan fon federal anba Pwogram Moun ak Kay. FEMA pa p bay fon pou Asisans Fineray COVID-19 pou eta, tribi, teritwa, biznis, òganizasyon, ak lòt antite yo.

Non.  Yo bay Asistans Fineray COVID-19 pou moun ki elijib kit e fè depans yo.  Se responsablite aplikan an pou peye pou mezon finèb la pou nenpòt balans ki rete.

Detèminasyon elijiblite FEMA jeneralman fèt nan mwens pase 30 jou apati lè yo resevwa ak verifye tout dokiman obligatwa yo.  Depi yo fin fè detèminasyon elijiblite, aplikan yo ki mande depo dirèk ka resevwa lajan an nan kèlke jou.  Li ka pran plis tan si aplikan an te chwazi pou resevwa Asistans Fineray pou COVID-19 pa chèk, ke yo voye pa lapòs.

Asistans Fineray pou COVID-19 konsidere kòm yon peman inik pou depans fineray yo, e moun yo ta dwe aplike apre yo fin fè tout depans aplikab yo.  Si yon moun te fè depans adisyonèl pou fineray apre ou fin resevwa Asistans Fineray pou COVID-19, yo pral bezwen pou depoze yon apèl epi soumèt dokimantasyon adisyonèl (egzanp., resi, kontra mezon finèb, elatriye.). Asistans Fineray pou COVID-19 limite nan yon maksimòm $9,000 pou chak moun ki mouri ak $35,500 pou chak aplikasyon, pou chak eta, teritwa, oswa Distri Columbia, nan ka kote aplikan an te fè depans fineray pou plizyè moun ki mouri.

Si aplikan an pa gen koneksyon entènèt, èske mezon finèb la soumèt dokiman yo nan yon kont Asistans Katastwòf FEMA aplikan te kreye? Èske yo ka itilize imèl mezon finèb la pou plizyè kont Asistans Katastwòf?

Lwa sou Lavi Prive limite aksè nan kont disasterassistance.gov aplikan an ak/oswa ko-aplikan.

Byenke yon mezon finèb ka bay aplikan an aksè entènèt, yo pa ka soumèt dokiman yo oswa resevwa korespondans nan non aplikan. Aprann plis sou kimoun ki kapab ede avèk pwosesis aplikasyon an.

Non.  Lwa 2021 sou Apwopriyasyon Repons Kowonaviris ak Soulajman Siplemantè ak Plan Soulajman Ameriken 2021 ki mande FEMA pou bay Asistans Fineray COVID-19 daprè dispozisyon lòt bezwen asistans nan Pwogram pou Kay ak moun. Pwovizyon Asistans pou lòt bezwen an limite Asistans Fineray COVID-19 pou yon maksimòm $9,000 pou chak moun ak  $35,500 pou chak aplikasyon, pou chak eta, teritwa, oswa Distri Columbia, nan ka kote aplikan an te fè depans fineray pou plizyè moun ki te mouri.

Nan kad pwosesis revizyon aplikasyon an, FEMA valide dokimantasyon, e li ka rele mezon finèb la pou verifye resi oswa depans yo.

Dènye Mizajou