Nouvèl & Laprès: Dezas 4340

world globe

Nòt Laprès & Fich Enfòmasyon

37

FEMA nan tèt kole ak gouvènman an Zile Vyèj Etazini (Government of the U.S. Virgin Islands, GVI) an ak Biwo Retablisman apre Katastwòf nan Zile Vyèj (Virgin Islands Office of Disaster Recovery, ODR) anonse plizyè angajman ki fenk pran pou bay finansman siplemantè pou ede teritwa a rekanpe sou de pye l apre siklòn Irma epi Maria a. Yo debloke yon montan 161.5 milyon dola pou fè reparasyon ak ranplasman antèn kominikasyon sou Zile Sent Kwa, Sen Toma, ak zile Sen Jan, 205,9 milyon dola pou soutni ranpolasman inite pwodiksyon nan santral elektrik Randolph Harley nan Sen Toma, ak 661 milyon dola pou ranplase tibin ak jeneratè nan santral elektrik Richmond an nan Sent Kwa.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
ST. CROIX, Zile Vyèj Ameriken yo – Dènyè angajman $3.2 bilyon dola pou pwojè rekonstriksyon sistèm distribisyon dlo potab la ak kouch asfalt nan St. Croix ansanm ak ranplasman enfrastrikti kontaj sèvis piblik yo nan Zile Vyèj Ameriken yo, mete aksan sou patenarya kontinyèl FEMA avèk Gouvènman Zile Vyèj yo pou ranfòse enfrastrikti enpòtan ki te domaje pandan siklòn Irma ak Maria nan mwa Septanm 2017 la.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
ST. CROIX, U.S. Virgin Islands – Sèt ane pase depi siklòn Irma ak Maria te afekte Zile Vyèj Ameriken yo, epi FEMA rete fèm nan angajman l pou l bay teritwa a asistans finansye pandan l ap kontinye pwosesis rekonstriksyon an. Rekiperasyon alontèm mande pou kowòdinasyon ak kolaborasyon kontinye pami plizyè patnè federal ak teritoryal.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
ST. THOMAS, Zile Vyèj Ameriken yo – Administratris FEMA Deanne Criswell te evalye pwogrè rekiperasyon an epi li te resevwa mizajou sou preparasyon teritwa a pou reponn ak evènman alavni yo nan Zile Vyèj Ameriken yo. Li te vizite Rezidans ofisyèl Gouvènè a (Government House), Enstiti Kansè Charlotte Kimelman (Charlotte Kimelman Cancer Institute) ak Ajans Jesyon Ijans Teritwa Vyèj Zile yo (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, VITEMA) pandan yon vizit semèn pase a nan St. Thomas.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
ST. CROIX, Zile Vyèj Ameriken yo – A kontinye patenarya li avèk Gouvènman Zile Vyèj yo pou ranfòse enfrastrikti enpòtan ki te andomaje pandan Siklòn Maria nan St. Croix, avèk angajman $989 milyon jodia pou rann sistèm asenisman zile a pi rezistan fas ak evènman katastwofik yo.
illustration of page of paper Nòt Laprès |

PDFs, Grafik & Miltimedya

Vizite Bwat Zouti Medya pou jwenn aksè nan kontni rezo sosyal ak videyo pou fasilite kominikasyon sou rekiperasyon dezas an jeneral.

Pa gen ankenn fichye ki klase nan lang sa a sou dezas sa a.