Ajans Federal pou Jesyon Ijans lan (Federal Emergency Management Agency, FEMA) Mande Pwopriyetè Kay nan Florida yo pou yo pran Mezi Alèjman Kont Siklòn yo

Release Date Release Number
059
Release Date:
February 7, 2024

Akòz anplasman li ki inik lan epi kot li yo ki vas, siklòn souvan touche Eta Florida a.  Kòm rezistans kòmanse depi lakay, FEMA ankouraje pwopriyetè kay yo nan Florida pou yo pran mezi alèjman depi kounya pou prepare w ak fanmi w kont katastwòf potansyèl yo.

Poukisa w t a dwe anvizaje pran mezi alèjman yo?

Pran mezi alèjman risk yo kapab:

  • Redui pèt ou yo alavni nan ka kote gen fiti katastwòf natirèl.
  • Ogmante kapasite kay ou a pou l reziste fas ak move tan, siklòn, inondasyon, van ak lòt evènman natirèl.
  • Diminye pri prim asirans kont inondasyon pwopriyetè w la.
  • Ogmante valè pwopriyete w la.

Kijan ou ka pwoteje kay ou kont fiti siklòn yo? 

  1. Ou ka pran mezi pou pwoteje kay ou a kont fiti katastwòf yo, pami yo siklòn, van, inondasyon ak ond tanpèt. Ou kapab:
  • Fè elevasyon oswa fè amenajman pwoteksyon kont inondasyon pou chofaj la, vantilasyon ak klimatizasyon an, ak/oswa inite mekanik yo, kondui yo, sistèm elektrik yo ak lòt sèvis piblik. 
  • Enstale pèsyèn ki fèt pou siklòn pou pwoteje fenèt ak pòt an vè yo.
  • Ranfòse garaj ak pòt ki divize an de (2) bò yo pou anpeche yo rache/sede anba presyon van an. 
  • Fè elevasyon kay ou a. 
    • Premyèman, kontakte jesyonè plèn inondab lokal ou a pou n diskite konsènan nan ki wotè sa ap nesesè pou w fè elevasyon estrikti w la.
    • Règlemantasyon Jesyon Plèn Inondab ki adopte lokalman yo ka egzije pou estrikti ki lokalize nan zòn espesyal ki a risk inondasyon yo sibi yon elevasyon pou yo pi wo pase nivo debaz inondasyon yo (Base Flood Elevation, BFE) ki endike sou Kat To Asirans kont Inondasyon (Flood Insurance Rate Maps, FIRMS) FEMA a. 
    • Elevasyon an ka redui prim asirans kont inondasyon ou yo, ansanm ak redui risk fiti inondasyon yo ka pote. 
    • Pou w jwenn asistans pou w detèmine ak konprann nivo inondasyon ou an, tanpri voye yon imèl nan FEMA-FMIX@fema.dhs.gov oswa rele 877-336-2627.
  • Enstale kondui pou dlo pase nan ka kote gen inondasyon nan mi fondasyon yo, garaj ak lòt espas ki fèmen yo.
  • Itilize materyèl ki rezistan fas ak inondasyon nan pati kay ou a ki pi ba pase BFE a. Pa egzanp, ranplase kapèt pa seramik oswa itilize izolasyon ki rezistan fas ak inondasyon epi panno ki abaz jips yo (Sheetrock). 
  • Ankre tout resipyan ki gen gaz yo nan planche la. Asire w ouvèti kanal ayerasyon yo ak kondui ranplisaj yo pi wo pase BFE a. (Sa ka nesesite apwobasyon founisè gaz ou a,) Resipyan ki gen gaz yo ka baskile oswa flote, sa ki ka lakòz liberasyon gaz sou fòm likid oswa gaz, epi ki ka kreye yon risk pou gen dife oswa eksplozyon.
  • Enstale yon dispozitif ki fèt pou anpeche dlo fè bak sou tèt sistèm tou egou ou a pou anpeche dlo ize yo retounen anndan kay ou a. 
  • Ajoute yon plakaj ki enpèmeyab sou mi eksteryè yo pou anpeche domaj nan ka gen inondasyon kote nivo dlo a pa twò fon. Sele mi sousòl yo avèk konpoze ki enpèmeyab.

Dapre espesyalis Alèjman FEMA yo, pwoteje kay ou a pa oblije koute anpil lajan. Mete sou fòtifikasyon estrikti a, aksyon senp tankou koupe branch gwo pyebwa ak ti pyebwa ki pre kay ou a, pa kite debri nan egou ak goutyè yo, ka diminye risk pou gen domaj alavni.

Pou dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon Florida apre Siklòn Idalia a, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ki te gen Twitter kòm ansyen non, nan twitter.com/femaregion4 ak sou Facebook nan facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou