Asistans Lojman Tanporè Pwolonje

Release Date:
November 13, 2023

Si ou te resevwa premye asistans pou lokasyon nan men FEMA apre siklòn Idila, ou ka elijib pou kontinye asistans lojman tanporè a nan kad Pwogram Endividyèl ak Fanmi FEMA a. 

Asistans pou lokasyon ou resevwa a ka itilize pou lwe yon kay, yon apatman, yon kay fabrike, yon veyikil lwazi, oswa yon lòt lojman. 

Ou ka kalifye pou w kontinye jwenn asistans lojman tanporè si:

  • Yo te bay premye asistans pou lokasyon epi li te itilize jan sa te dwe fèt.
  • Ou pa ka retounen nan rezidans ou te ye anvan katastwòf la paske li pa abitab, li pa aksesib oswa li pa dispoib akòz katastwòf la.
  • Demontre yon bezwen finansye yon katastwòf koze.
  • Pa gen okenn lòt kote ki te ba w asistans pou abri tanporè.
  • Montre w ap bati yon plan pou lojman alontèm oswa pèmanan oswa montre ki pwogrè w fè nan sans sa a. Devi pou reparasyon yon konstriktè bay kapab montre gen pwogrè, pa egzanp.
  • Si ou se yon pwopriyetè kay, epi pèt byen imobilye ou verifye nan FEMA a egal oswa pi wo pase kantite lajan premye asistans pou lokasyon an, y ap voye Aplikasyon pou Asistans Lojman Tanporè Pwolonje a ba ou otomatikman nan anviwon de semèn apre yo te apwouve premye sibvansyon Asistans pou Lwaye a.
  • Si ou se yon lokatè, ou dwe kontakte FEMA epi mande yon Aplikasyon pou Asistans pou Lojman Tanporè Pwolonje.

Moun k ap aplike yo dwe soumèt dokiman sa yo avèk aplikasyon an ranpli.

  • Revni anvan ak apre katastwòf pou manm nan kay la ki gen 18 lane yo oswa plis.
  • Prèv depans pou lojman anvan katastwòf la (kopi bòdwo lwaye ak sèvis piblik, asirans lokatè, deklarasyon ipotèk, taks sou byen imobilye, asirans kay elatriye).
  • Prèv depans pou lojman apre katastwòf la (kopi kontra lwaye aktyèl la oswa Kontra lwaye ou menm ak pwopriyetè a te siyen).
  • Ou ta dwe voye fòm aplikasyon an ak dokiman sipò yo tounen bay FEMA nan youn nan fason sa yo:
    • Telechaje yo sou kont dezas aplikan an nan  DisasterAssistance.gov.
    • Voye yo pa lapòs bay FEMA, PO Box 10055, Hyattsville, MD 20782-8055.
    • Oswa vizite sant rekiperasyon Katastwòf ki pi pre w la pou ranpli oswa soumèt aplikasyon an.

Sant Rekiperasyon Katastwòf yo bay moun ki afekte nan Siklòn Idila èd endividyèl. Anplis lokal fiks yo, sant mobil yo ap fonksyone nan kominote yo. Pou jwenn yon sant toupre ou, ale sou fema.gov/drc oswa floridadisaster.org.

Tags:
Dènye mizajou