Sant Rekonstriksyon pou Katastwòf Ouvri nan Konte Pinellas

Release Date Release Number
NR-002
Release Date:
Oktòb 13, 2024

TALLAHASSEE, Fla. – FEMA te Ouvri yon Sant Rekonstriksyon pou Katastwòf nan Konte Pinellas pou bay èd youn pa youn bay Rezidan Florida yo ki afekte nan siklòn Milton, Helene ak Debby.

Adrès Sant lan:

Konte Pinellas / Pinellas County
Botanical Gardens – Magnolia Room
12520 Ulmerton Road
Largo, FL 33774
Ouvri 9 è am pou rive 7 è pm soti Lendi pou rive Dimanch

Divizyon Jesyon Ijans Florida yo ak FEMA ap relouvri sant ijans ki te anplas pou Debby ak Helene yo anvan Milton epi sant sa yo kapab sèvi moun ki te afekte nan twa (3) siklòn yo. Nouvo lokal yo ap evalye pou satisfè bezwen yo nan zòn Milton afekte anpil yo. 

Pou jwenn adrès lòt sant ale nan fema.gov/drc oswa voye “DRC” ak yon Kòd Postal bay 43362. Tout sant yo aksesib pou moun ki gen andikap oswa bezwen ki bezwen aksè ak fonksyonèl epi yo ekipe ak teknoloji asistans. 

Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov oswa lè w itilize FEMA App. Ou m ka aplike tou pa telefòn nan 800-621-3362. Tanpri pran pasyans. FEMA ap ogmante anplwaye nan sant apèl yo men tan atant yo ka pi long akoz volim apèl yo ki ogmante avèk plizyè katastwòf ki sot pase yo. Liy telefòn yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w gen aksè ak yon videyo sou fason pou w aplike pou w jwenn asistans, ale sou FEMA Accessible: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.

Si w te aplike nan FEMA apre Siklòn Helene oswa Debby epi w gen domaj anplis nan Siklòn Milton, w ap bezwen aplike pou Milton apa epi bay dat domaj ki pi resan w yo.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekonstriksyon pou Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye Mizajou