FEMA lan Ankouraje Moun ki te Afekte anba Inondasyon Septanm lan pou Yo Rete an Kontak

Release Date Release Number
010
Release Date:
Jen 28, 2024

FRAMINGHAM, MA – Rezidan Massachusetts yo nan konte Bristol ak Worcester ki te afekte anba gwo tanpèt ak inondasyon ki te fèt sòti 11 pou rive 13 Septanm 2023 a t a dwe rete an kontak ak FEMA apre yo fin enskri. Sa garanti aplikasyon w lan ap byen mache. 

Li enpòtan pou enfòme FEMA sou chanjman ki fèt nan zafè asirans, sitiyasyon aktyèl nan zafè lojman, nimewo telefòn, adrès postal ak preferans pou pèman. Enfòmasyon ki manke oswa ki pa kòrèk yo ka retade asistans finansyè ou ka kalifye pou w resevwa a. Lè w kontakte FEMA, fè referans ak nimewo ki gen nèf (9) chif yo te atribye ba ou lè w te aplike a.

Si w te aplike pou asistans epi ou poko jwenn repons nan men FEMA, ou t a dwe rele Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362 pou w mande enfòmasyon sou estati aplikasyon w lan. Aplikasyon ou an ka manke enfòmasyon, epi sa ka anpeche aplikasyon w lan fin konplete. 

Ou ka mete enfòmasyon yo ajou nan youn nan fason sa yo:

  • Ale sou entènèt sou DisasterAssistance.gov
  • Telechaje aplikasyon FEMA a
  • Rele nan 800-621-3362 Asistans yo disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), yon sèvis telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w ap itilize pou sèvis sa a lè w rele. Nimewo telefòn yo fonksyone apati 7è a.m. pou rive 12è a.m. (minui), sèt (7) jou sou sèt (7).

Rezidan yo ki poko aplike pou asistans federal pou tanpèt Septanm yo ka toujou soumèt yon aplikasyon anvan dat limit 15 jiyè a lè yo rele liy asistans lan, lè yo ale sou entènèt oswa atravè aplikasyon an.

Ou kapab ale nan yon Sant Rekiperasyon apre Katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC) pou w pale ak espesyalis FEMA yo fas a fas. De (2) DRC yo chita kò yo nan adrès ki vin annapre yo: 

  • Leominster City Hall (Meri Leominster la), 25 West Street, Leominster, MA  01453 (Li fèmen pou jou ferye 4 Jiyè a)
  • Bristol Community College, 11 Field Road, Attleboro, MA 02703 (Li prevwa pou l sispann operasyon yo jou k ap Mèkredi 3 jiyè a 3è p.m)

Lè fonksyònman yo: 9è a.m. pou rive 6è p.m. Lendi pou rive Vandredi, 10è a.m. pou rive 3è p.m. jou Samdi

Sant yo aksesib pou moun ki gen andikap yo oswa moun ki pa ka pale Anglè byen yo oswa moun ki ka bezwen sèvis entèpretasyon pou Lang Siy Ameriken (American Sign Language, ASL). Enstalasyon yo ekipe avèk ekipman teknoloji ki pou bay asistans, pami yo, Entèpretasyon Videyo a Distans, materyèl ki an gwo karaktè oswa an bray epi sistèm pou koute ki anplifye. 

Si w bezwen yon amenajman rezonab, yon entèprèt lang siy, oswa asistans nan zafè tradiksyon oswa pou yon entèprèt, tanpri fè yon espesyalis FEMA ki nan sant lan konnen. Si yon sivivan yon Katastwòf pa ka vini nan DRC a, FEMA ap òganize yon vizit adomisil.

Pou jwenn dènyè enfòmasyon yo ale sou 4780 | FEMA.gov. Swiv FEMA sou Twitter (X) nan twitter.com/femaregion1 ak nan facebook.com/fema.

Pou w jwenn mizajou sou operasyon sekou ak rekiperasyon yo nan Massachusetts, swiv Ajans pou Jesyon Ijans Massachusetts la sou Twitter (X) MEMA (@MassEMA) / X ak Facebook Massachusetts Emergency Management Agency (MEMA) | Facebook oswa ale sou Massachusetts Emergency Management Agency | Mass.gov.

Tags:
Dènye mizajou