Sant Rekiperasyon pou Dezas ki rete yo ap fèmen anpèmanans nan fen jounen mèkredi 29 novanm nan. Dat sa make fen peryòd anrejistreman an pou asistans dezas.
Sit yo Fèmen anpèmanans:
- Konte Lafayette: Mayo Community Center, 150 NW Community Cir., Mayo, 32066 9 a.m. jiska 5 p.m.
- Konte Madison: Suite 693G, 705 E Base St., Madison, 9 a.m. jiska 5 p.m.
- Sant Dakèy Anrejistreman Mobil Konte Taylor: Konplèks Espò Konte Taylor, 1685 US-19 S, Perry, 32347,
9 a.m. jiska 5 p.m.
Èd pou asistans dezas ap rete disponib atravè liy èd FEMA, kote reprezantan FEMA yo disponib pou reponn kesyon sou sitiyasyon aplikasyon, pwosesis apèl oswa lòt kesyon ki gen rapò ak dezas la. Sivivan yo ka kontakte Liy Èd FEMA a lè yo rele nan 800-621-3362 oswa yo ka ale sou entènèt tou nan disasterassistance.gov oswa itilize aplikasyon mobil FEMA pou enfòmasyon sou aplikasyon yo. Liy telefòn lan ouvè chak jou soti 7 a.m jiska 10 p.m Lè Lès. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, ou ka bay FEMA nimewo telefòn ou pou itilize sèvis la.
Si ou gen bagay ou pedi akoz Siklòn Idalia epi w ap viv nan konte Charlotte, Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor yo FEMA gen dwa kapab ede w. FEMA ka bay asistans finansye pou lojman tanporè, reparasyon debaz nan kay, pèt pwopriyete pèsonèl ak lòt depans ki pa gen asirans. Dat limit pou aplike a se 29 Oktòb 2023.
Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.