Enspeksyon FEMA ki ap fèt pou Siklòn Idalia

Release Date Release Number
045
Release Date:
November 6, 2023

LAKE MARY, Fla. – Si ou aplike pou asistans nan FEMA apre Siklon Idalia, yon enspekte FEMA ka kontakte w pou planifye yon enpeksyon nan kay.

Enspeksyon FEMA yo ka mande pou detèmine si yon kay sekirize, sen, vivab ak aksesib. FEMA gade sou fakte sa yo pou l kaoab detemine si yon aplikan kalifye pou asistans:

  • Èske pati deyò kay la gen yon estrikti son, tankou pòt, twati ak fenèt yo?
  • Èske sistèm kouran, gaz, chofaj, plonbri ak tou rego ak fòs twalèt yo fonksyone kòmsadwa?
  • Èske anndan kay la abitab ak estrikti son, tankou plafon ak ate a?
  • Èske yo kapab itilize kay lan pou sa yo te fè l la?
  • Èske gen yon aksè ki san danje pou ale nan kay la epi gen aksè ki san danje pou soti nan kay la?

Ou p ap peye pou enspeksyon. Enspektè FEMA ap gen yon badj ki idantifye li ak nimewo aplikasyon ou an. Ou dwe konnen apèl sa yo kapab soti nan yon nimewo ki pa anrejistre.

Aplikan ki pa kapab rankontre enspektè FEMA a pou yon enspeksyon kapab mande yon zanmi oswa yon fanmi pou wè ak enspektè a pou li. Yo dwe soumèt yon demand alekri epi ki siyen pou yon twazyèm pati aji sou non l.

Si ou bezwen aranjman pou lang oswa pou yon andikap, rele 800-621-3362 ann avans pou enspeksyon epi fè FEMA konnen bezwen ou yo.

Si yon enspektè kay FEMA kontakte w men pa gen moun nan kay li ki te aplike pou FEMA, tanpri mete enspekte okouran ou pa t aplike pou asistans ak mete okouran pandan ou ap kontakte Liy èd la nan 800-621-3362, oswa vizite Sant Rekiperasyon pou Katastwòf la.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou