Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo

Release Date Release Number
041
Release Date:
October 26, 2023

LAKE MARY, Fla – Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo se kote, te mèt se anndan yon espas fiks oswa deyò nan tant, yo nan zòn katastwòf yo frape. FEMA travay nan tet kole ak konte a pou kabap seleksyone zòn ki bon pou sivivan yo.

Nan yon Sant Rekiperasyon apre Katastwòf sivivan yo kapab:

  • Aprann konsènan pwogram asistans pou lè gen katastwòf yo.
  • Aplike pou asistans pou lè gen katastwòf.
  • Verifye estati aplikasyon FEMA ou a.
  • Jwenn èd pou konprann avi oswa lèt FEMA yo.
  • Jwenn referans yon seri ajans ki ofri lòt èd.
  • Soumèt yon kontestasyon pou desizyon FEMA.
  • Rankontre ak reprezante SBA pou enfòmasyon sou pre katastwòf yo.
  • Rankontre ak reprezantan ajans eta yo.
  • Rankontre ak espesyal mitigasyon sanzatann pou kapab aprann kijan pou rekonstui pi solid, pou kapab prevni oswa diminye domaj katastwòf la kapab fe alavni.

Pou jwenn yon sant, ale soufema.gov/drc

Pou kapab gade yon videyo ki ap eksplike ki sèvis ki disponib nan Sant Rekiperasyon apre Katastwòf, ale souSant Rekiperasyon apre Katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC): Resous ou Apre yon Siklòn

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo aksesib pou moun ki gen andikap. Yo gen ekipman asistans teknoloji ki pèmèt moun ki sivivan nan katastwòf yo kominike ak manm pèsonèl yo. Gen sèvis Entèpretasyon Videyo Adistans ki disponib epi gen lang siy an pèsòn ki disponib si w mande sa. Sant yo gen pakin, ranp, ak twalèt ki aksesib pou moun ki andikape tou.

(Li pa nesesè pou nome yon ajan altènativ.) Sivivan yo kapab rele nan 800-621-3362 pou aplike, ale anliy sou disasterassistance.gov, oswa itilize aplikasyon mobil FEMA. Liy yo ouvè chak jou soti nan 7 a.m  jiska 10 p.m Lè Lès. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike, ale sou:  Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou