Kijan pou w Aplike pou Asistans FEMA Apre Siklòn Idalia

Release Date Release Number
028
Release Date:
October 5, 2023

LAKE MARY, Fla. – Pwopriyetè kay nan Florida yo ak lokatè ki nan konteCharlotte ak Hillsborough ki gen domaj oswa pèt ki pa gen asirans pou yo lakoz Siklòn Idalia kapab aplike pou asistans pou katastwòf FEMA kounye a.

FEMA ka anmezi pou ede ak lojman tanporè, depans pou reparasyon debaz nan kay oswa lòt bezwen ki lye ak katastwòf. De (2) konte sa yo rejwenn 16 lòt konte ki te gentan apwouve pou Asistans Endividyèl FEMA.

Pwopriyetè kay ak lokatè nan konte Charlotte, Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor yo kapab aplike. 

Rele liy gratis la nan 800-621-3362, ale sou entènèt la souDisasterAssistance.gov, telechaje FEMA Apppou aparèy mobil yo oswa ale nan Sant Rekiperasyon Katastwòf. Liy yo ouvè chak jou soti nan 7 a.m. jiska 10 p.m, Lè Lès Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike, ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube. Dat limit pou aplike a se 30 Oktòb 2023. 

Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w:  

  • Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou
  • Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou
  • Yon lis jeneral sou dega ak pèt yo
  • Enfòmasyon kanè bank ou si w chwazi depo dirèk. 
  • Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an

Si ou genyen asirans pwopriyetè kay, lokatè oswa asirans pou inondasyon, ou dwe depoze yon reklamasyon tousuit. FEMA pa kapab founi plis pase yon sèl avantaj pou pèt asirans lan te kouvri. Si kontra ou a pa kouvri tout depans domaj ou yo, ou kapab kalifye pou asistans federal. 

Fè foto pou w idantifye dega yo epi kòmanse netwaye ak repare pou evite lòt dega. Sonje konsève tout resi depans ou fè ki gen rapò ak netwayaj ak reparasyon yo. 

Tags:
Dènye mizajou